Accessibility links

Breaking News

Ansyen Astwonòt Ameriken John Glenn Mouri. Li te Genyen 95 Zan

Astwonòt John Glenn
Astwonòt John Glenn

Ozetazini, ansyen astwonòt ameriken John Glenn --premye astwonòt ki te antre nan òbit Planèt Tè a- mouri, dapre nouvèl ki sòti nan fen jounen jedi 8 desanm 2016 la nan biwo La NAZA (Ajans Nasyonal Lèzetazini pou Eksplorasyon Espasyal). Sa gen plis pase yon semèn yo te entène Misye Glenn nan Lopital James Cancer Inivèsite d'Eta Ohio a, nan Eta natal li, Ohio, dapre sa otorite yo di nan Fakilte John Glenn pou Afè Piblik nan menm inivèsite a.

Yon kamera ki te anndan navèt espasyal Mercury "Friendship 7" te pran foto astronòt John H. Glenn Jr. pandan vòl istorik kote li te sikile nan òbit terès la nan dat 20 fevriye 1962.
Yon kamera ki te anndan navèt espasyal Mercury "Friendship 7" te pran foto astronòt John H. Glenn Jr. pandan vòl istorik kote li te sikile nan òbit terès la nan dat 20 fevriye 1962.

John Glenn sete dènye sivivan yon ekip astwonòt ki te rele “7 Manm Misyon Mercury a", swa yon gwoup 7 pilòt militè La NAZA te chwazi nan lane 1959 pou toune premye astwonòt Lèzetazini. Apre Misye Glenn te sèvi kòm yon pilòt militè nan 2èm Gè Mondyal la epi nan Lagè Kore a, li te tounen manm yon ekip avyatè pou pilote avyon de gè pou La Marin de Gè ak Kò Mèrin Lèzetazini an; ansuit li te ranpòte yon plas nan premye pwomosyon pilòt La NAZA te rasanble pou reyalize misyon li nan lane 1958.

Prezidan Barack Obama pandan li tap prezante konpliman li bay ansyen astwonòt e ansyen Senatè ameriken John Glenn (Eta Ohio) aprè Misye Obama te fin remèt li Meday Libète a, nan dat 29 me 2012, nan yon seremoni ki te dewoule nan La Mezon Blanch nan Washington, DC.

Nan dat 20 fevriye 1962, John Glenn te tounen premye astwonòt ameriken ki sikile nan òbit terès la abò navèt espasyal Friendship 7; li te fè tou planèt nou an nan anviwon 5 kèdtan. Plizyè ane apre sa, an 1998, li te tounen astwonòt ki pi granmoun ki ale nan lespas kòm manm ekipaj navèt espasyal ameriken Discovery nan kad yon eksperyans kote La NAZA tap etidye efè apezantè (absans pezantè) sou sistèm yon moun ki aje anpil.

John Glenn te genyen 95 zan.

XS
SM
MD
LG