Accessibility links

Breaking News

Jij Kou Siprèm Lèzetazini, Ruth Bader Ginsberg, Mouri. Li te Genyen 87 An


Jij Ruth Bader Ginsberg ki t ap asiste yon seremoni nan Lekòl de Dwa Inivèsite Georgetown ki t ap prezante 2èm lekti anyèl "Ruth Bader Ginsburg", nan dat 30 oktòb 2019, nan Washington.
Jij Ruth Bader Ginsberg ki t ap asiste yon seremoni nan Lekòl de Dwa Inivèsite Georgetown ki t ap prezante 2èm lekti anyèl "Ruth Bader Ginsburg", nan dat 30 oktòb 2019, nan Washington.

Jij kou siprèm Lèzetazini, Ruth Bader Ginsberg, mouri a 87 an. Pi gwo tribinal peyi a pibliye yon deklarasyon pou l anonse nouvèl la.

Jij Ruth Bader Ginsberg –ki pase lontan kòm manm Kou Siprèm Lèzetazini an e 2èm fanm ki okipe yon plas nan pi gwo tribinal peyi a- mouri nan jounen vandredi 18 septanm 2020 an anba konplikasyon maladi kansè. Li te genyen 87 an.

Ruth Ginsberg sete yon jij onnpepli liberal e sete yon defansè fawouch dwa medam yo. Li rann dènye soupi li nan mezon prive li nan Washington, D.C., kote manm fanmi li te antoure li, daprè yon deklarasyon Kou Siprèm nan pibliye. Prezidan tribinal la, Jij John Roberts, di nan deklarasyon an: “Peyi nou an pèdi yon jij ki genyen yon dimansyon istorik.”

Jij Ginsberg te sèvi nan Kou Siprèm nan depi ane 1993. Nan mwa jiyè pase a, li te sibi yon trètman kimoterapi pou kansè nan fwa; sete dènye nan yon seri pwoblèm medikal li te konfwonte –pami yo te genyen anpil batay avèk maladi kansè.

XS
SM
MD
LG