Accessibility links

Breaking News

Gine Eleksyon: Lidè Opozisyon Alpha Conde Ranpòte Prezidansyèl yo


Gine Eleksyon: Lidè Opozisyon Alpha Conde Ranpòte Prezidansyèl yo
Gine Eleksyon: Lidè Opozisyon Alpha Conde Ranpòte Prezidansyèl yo

Nan La Giné (sou kontinan afriken an), Komisyon Elektoral la fè konnen Alpha Condé –ki gen lontan depi l ap dirije opozisyon an -- ranpòte 2èm tou premye eleksyon prezidansyèl demokratik ki dewoule nan peyi a. Anons sa a fè patizan kandida pèdan an, ansyen premye minis Cellou Diallo- move kou-kong e yo fè lese frape ak lapolis lendi 15 novanm 2010 la, jou komisyon an pibliye rezilta final yo.

Prezidan Komisyon Elektoral la, Siaka Toumany Sangaré, fè konnen misye Condé ranpòte plis pase 52% vwa yo, tandiske misye Diallo ranpòte 47%.

Anvan anons rezilta definitif yo, chaken nan 2 kandida yo te deklare si li menm ki venkè eleksyon an.

Depi avan yè dimanch 14 novanm 2010 la, kandida Cellou Dallo te pran desizyon pou l mande tout reprezantan n nan biwo kote yo t ap konte vwa yo, antre lakay yo, paske, daprè li, pwosesis la te gen magouy ladan n.

Daprè, Scott Stearns, --korespondan VOA nan Konakri, kapital Ginéyèn nan-- se posib pou Misye Diallo ale ann apèl kont rezilta eleksyon yo e pote afè a devan Kou Suprèm peyi a. Objektif eleksyon prezidansyèl sa a, se pèmèt La Giné retounen anba yon gouvènman sivil, aprè militè yo te pran pouvwa a sa preske 2 zan.

XS
SM
MD
LG