Accessibility links

Breaking News

Reyaksyon Chèf Polis Ameriken sou Lanmò George Floyd nan Minneapolis, Eta Minnesota


Manifestan ki te rasanble nan vil Minneapolis pou yo gade yon boutik ki vann alkòl ki t ap boule tou pre yon biwo polis ki, li menm tou, ta pral pase anba dife. Sa rive apre yon video te montre yon polisye ak pye l sou kou yon ameriken nwa, George Floyd, ki fini pa pèdi lavi li.
Manifestan ki te rasanble nan vil Minneapolis pou yo gade yon boutik ki vann alkòl ki t ap boule tou pre yon biwo polis ki, li menm tou, ta pral pase anba dife. Sa rive apre yon video te montre yon polisye ak pye l sou kou yon ameriken nwa, George Floyd, ki fini pa pèdi lavi li.

Kèk reyaksyon konsènan sitiyasyon an nan vil Minneapolis, eta ameriken Minnesota.

Dirijan tout kò polis atravè peyi a pale yon sèl e menm langaj -yon langaj klè yo pa t janm pale anvan- pou yo kondane aksyon lapolis vil Minneapolis ki koze lanmò yon mesye nwa ki te deja anba men yo ak tout minòt nan bra l, alòske li t ap rele pou l mande sekou nan moman yon ajanpolis te mete jenou l sou kou nèg la ki te rete kloure atè sou siman an pandan omwens 8 minit. Non viktim nan se George Floyd. Pa egzanp, chèf polis vil Chattanooga, nan Eta Tennessee, kòmandan David Roddy, ekri sou kont twitter li pou l di:

“Pa gen nesesite pou moun wè plis video toujou. Pa gen pyès nesesite pou moun rete gade pou wè rès aksyon ki te dewoule yo. Pa gen okenn nesesite non plis pou yon polisye mete jenou li sou kou yon moun pandan 9 minit. Sèl nesesite ki genyen, se nesesite pou n fè yon bagay ak sa. Si ou genyen bon badj polisye a sou lestomak ou epi ou pa wè sa k pase se yon move bagay, ou te mèt remèt badj la.”

Nan Awondisman Polk, nan Eta Jòji, chèf polis Johnny Moats ekri sou kont Facebook li yon nòt kote li deklare:

“Mwen santi m deranje anpil-anpil lè m wè video ki montre Misye Floyd ki t ap mouri asasinen nan lari anba men yon ajanpolis alòske 3 lòt polisye te rete kanpe la, yo kite sa fèt. Mwen kapab bay tout moun garanti ke, ni mwen menm, ni okenn nan polisye ki anba kòmandman m yo, nou pa ta jann trete yon moun konsa toutotan se mwen ki chèf polis la. Kalte zak brital sa yo se zak ki tèrib e sa fèt pou fini. Otorite yo dwe arete tout polisye ki te enplike nan sa k pase a epi se pou yo trennen yo imedyatman devan lajistis. N ap priye pou fanmi viktim nan.”

Reyaksyon ki sòti bò kote responsab lapolis yo tou patou Ozetazini pa sanble ditou-ditou avèk kalte reyaksyon yo te konn afiche lè yon sivil te mouri anba men yon ajanpolis, paske an jeneral sete yon silans konplè. Cherif ak chèf polis ameriken yo leve vwa yo byen fò pou yo kritike sou medya sosyal yo polisye vil Minneapolis ki komèt zak la tandiske, an menm tan, yo felisite chèf polis la poutèt li pran desizyon rapidman pou l revoke tou lè 4 polisye ki te sou plas kote arestasyon George Floyd la t ap fèt la. Genyen chèf polis ki menm lanse apèl pou yo mande pou lajistis lage akizasyon kriminèl sou do yo.

XS
SM
MD
LG