O Brezil, kandida pati ki sou pouvwa a nan eleksyon prezidansyèl ki dewoule dimanch 3 oktòb 2010 la, Dilma Rousseff, ke prezidan Luiz Ignacio Lula da Silva ta renmen tounen pwochen prezidan peyi a -- pran yon gwo avans devan rival li yo; sepandan manmzèl pa rive ranpòte majorite ki nesesè pou l evite yon 2èm tou.
Madam Rousseff –k ap eseye tounen premye fi ki prezidan o Brezil-- ranpòte 47% vwa yo, tandiske rival ki pi pre l la, kandida Pati Sosyo-Demokrat Brezil la, Jose Serra, ranpòte 33%.
Bò kote pa l, kandida Pati Vèt la, Marina Silva --yon ansyen minis anviwonnman-- vini an 3èm pozsiyon avèk 19,3 % vòt yo, swa yon pi gwo pousantaj pase 14% sondaj yo te prevwa pou li a.
Analis politik yo fè konnen madam Silva –ki te pran nesans nan yon tribi endyen nan Amazòn nan e ki pat ale lekòl jiska laj 16 zan-- byen kapab genyen nan men n kle k ap pèmèt moun konnen vrèman si Brezil pral genyen premye prezidan fanm nan tout istwa li.
Tout bagay pral depann de kilès nan 2 lòt kandida yo pati l la ap deside apiye nan pwochen tou a ki fikse pou 31 oktòb pwochen.