Accessibility links

Breaking News

Espwa pou Moun k ap Soufri ak Maladi Alzheimer


Espwa pou Moun k ap Soufri ak Maladi Alzheimer

Etid la konfime 5 jèn savan yo te deja konnen ak 5 nouvo lòt ki asosye ak maladi a. Steven Snyder se yon chèchè newològ k ap travay nan Enstiti Nasyonal Lasante ameriken an ki te bay lajan pou rechèch la. Dapre doktè Snyder, konbinezon 10 jèn sa yo ogmante risk pou yon moun dev maladi Alzheimer.

Chèchè yo di maladi a atake moun ki gen 65 kan pou pipiti. Dapre yo, jiska 80% moun ki gen lontan depi y ap soufri ak maladi a, montre yon varyasyon jenetik. Doktè Snyder deklare kapab gen plis jèn ki responsab devlopman maladi a, men dapre rezilta etid la, savan yo espere dekouvri yon medikaman ki va retade ou byen anpeche devlopman sa a. Daprè kalkil kèk chèchè, sa kapab pran 15 zan, pou pipiti, anvan yo mete opwen yon medikaman pou konbat Alzheimer ou manipile jèn yo yon fason pou diminye risk la.

Chèchè yo di etid yo fè montre moun ki pale plizyè lang pran 5 an an plis pou yo devlope sentòm yo konnen ki asosye ak maladi Alzheimer a, konparativman ak moun ki pale yon sèl lang. Yon lòt etid montre ekzèsis fizik retade aparisyon sentòm maladi a epi amelyore kapasite mantal viktim nan. Gen lòt siy ki montre yon nivo kolestewòl ki wo, maladi kè oubyen blese nan tèt, kapab ogmante risk pou moun devlope maladi sa a.

Pou kounye a, poko gen mwayen pou lamedsin anpeche maladi Alzheirmer antre sou moun e kantite viktim yo kapab miltipliye rapidman. Òganizasyon Entènasyonal Maladi Alzheimer fè konnen kantite malad yo ap double chak 20 an. Sa vle di, disi ane 2030, 66 milyon moun pral soufri ak Alzheirmer, e an 2050, chif la ap rive 115 milyon. Fanmi viktim yo pral sibi tou konsekans maladi sa a ki depafini yon moun piti piti. Pou rezon sa a, otorite sante piblik yo ekspesyalis medikal yo konsantre anpil efò nan rechèch y ap fè pou yo jwenn yon fason pou retade laj lè maladi Alzheimè a antre sou yon moun ou anpeche moun trape l tou senpleman.

XS
SM
MD
LG