Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Ekonomi: Prezidan Konferans Episkopal la Rejte Tout Ogmantasyon Pri Pwodui Petwolye yo


Ann Ayiti, prezidan Konferans Episkopal la, Monseyè Lauré Saturné, di politik ekonomik govènman an ba li gwo kè-sote. Daprè nouvèl ki pase sou Radyo Métropole, nan yon diskou Monseyè a fè nan okazyon fèt patwonal La Vale Jakmèl, Sen-Jan Batis, li kritike desizyon gouvènman an pran pou l ogmante pri gaz la nan jou k ap vini yo. Kèk otorite ayisyen konfime nouvèl ki fè konnen nouvo pri yo kapab antre an aplikasyon nan semèn sa a menm.

Yon lòt kote, dirijan dyosèz Sid-Es la pa apresye ditou le fèt ke gouvènman kontinye enpoze taks tou nèf sou sitwayen yo alòske salè minimòm ouvriye yo pa jwenn ajisteman ki koresponn ak nouvo taks sa yo. Li atire atansyon sou le fèt ke lavi majorite a pa vin miyò, menmsi kontribyab yo ap peye pi gwo taks. Kidonk, Monseyè a pa kwè nouvo taks yo pral sèvi vrèman pou agzekisyon pwojè sosyal otorite yo pwomèt yo; se konsa li poze kesyon pou l mande:

"Si otorite yo ogmante pri pwodui petwolye yo, eske sèvis sosyal yo pral amelyore pou satisfè bezwen ak dwa tout sitwayen yo?"

Nan menm diskou a, Monseyè Saturné denonse sa li rele koripsyon ak move jesyon fon piblik yo. Li lanse yon apèl prese bay Chèf Deta a pou mande li konbat gaspiyaj k ap fèt nan administrasyon piblik la. Li deklare otorite yo dwe rekonèt ke Ayiti se yon peyi pòv; konsa nou pa ta dwe ap gaspiye ti resous nou genyen yo; sa reprezante youn nan bagay ki fòse jèn yo ap kite peyi a pa bann e pa pakèt pou yo ale nan peyi latino-ameriken yo. Lidè relijye a ajoute:

<<Se pou nou diminye gaspiyaj la epi kreye travay pou nou pèmèt jèn yo rete nan peyi a.>>

XS
SM
MD
LG