Accessibility links

Breaking News

Robert Gates Atire Atansyon Sou Aksyon Militè Kont Pwogram Nikleyè Nan Iran


Minis defans ameriken an, Robert Gates, fè konnen si yo pran aksyon militè kont pwogram nikleyè Iran an sa ta fè peyi sa a vinn mennen aktivite l yo nan enstalasyon ki pi byen kache e l t ap kenbe yo plis an sekrè.

An menm tan tou, misye Gates atire atansyon sou le fèt ke sanksyon ekonomik yo pran kont Teheran yo bay pi bon rezilta ke moun te espere, e sa lage divizyon nan mitan dirijan iranyen yo.

Pandan minis defans ameriken an te pran lapawòl devan yon fowòm sou estrateji politik ki dewoule isit Washington madi 16 novanm 2010 la, li deklare rezilta nenpòt ki aksyon militè kont Iran, se t ap pèmèt yon peyi divize vinn ini ankò, e sa t ap fè dirijan Iranyen yo pran dispozisyon definitivman pou yo posede zam nikleyè.

XS
SM
MD
LG