Accessibility links

Breaking News

Prezidan Donald Trump Anonse Yon Akò K ap Evite yon Lòt Fèmti Gouvènman Ameriken an


Prezidan Trump ki t ap anonse La Mezon Blanch ak Kongrè a rive jwenn yon akò pou finanse gouvènman an pou rès ane fiskal 2019 la.
Prezidan Trump ki t ap anonse La Mezon Blanch ak Kongrè a rive jwenn yon akò pou finanse gouvènman an pou rès ane fiskal 2019 la.

Nan Kongrè ameriken an, negosyatè yo rive jwenn “yon antant an prensip” pou finanse konstriksyon yon miray tou nèf olon fwontyè Lèzetazini avèk Meksik la; an menm tan tou yo rive evite yon lòt fèmti gouvènman an nan fen semèn sa a. Sepandan Preziidan Donald Trump deklare li pa fin twò fou pou antant la e li ajoute: “Malgre tou, nou pral konstrui yon miray kanmèm.”


Misye Trump pale konsa pandan li t ap dirije yon rankont avèk mamm kabinè li a aprè yon gwoup manm Kongrè a te rive jwenn, apre anpil difikilte, yon akò byen ta lendi 11 fevriye a –yon akò ki, dapre sa asistan palmantè yo di, ofri yon sòm 1 milya 375 milyon dola pou konstriksyon yon baryè tou nèj k ap mezire 88 kilomèt sou fwontyè a. Kòb sa a se anviwon yon ka lajan (swa 5 milya 700 milyon dola) prezidan an te vle pou miray la. Lejislasyon an pral ofri tou amelyorasyon nan sistèm teknolojik ki sèvi pou fè siveyans nan plizyè zòn sou fwontyè a, avèk plis ajan ladwàn ak asistans imanitè.

Sepandan, yon palmantè demokrat, Senatè Chris Van Hollen (D-MD), lanse yon avètisman pou l di si Prezidan Trump fin siyen lejislasyon an epi li chache detounen lòt fon-lajan pou l bati tout miray la, sa t ap reprezante “yon gwo abi pwosesis la, menm jan se t ap yon aksyon ilegal.”

XS
SM
MD
LG