Accessibility links

Breaking News

Foutbolè Duckens Nazon Anonse Li Pral Bati Kay pou Viktim Tranblemanntè yo nan Gran Sid la


Foto Achiv: Futbole Ayisyen Duckens Nazon ak drapo peyi d'Ayiti anvan komansman yon match Copa America Centenario nan Pewou, 4 Jyen 2016.
Foto Achiv: Futbole Ayisyen Duckens Nazon ak drapo peyi d'Ayiti anvan komansman yon match Copa America Centenario nan Pewou, 4 Jyen 2016.

Vedèt futbol Duckens Nazon anonse sou kont ofisyèl Twitter li a Dimanch 7 Novan, yon nouvo kolaborasyon ak yon òganizasyon charite.

"J’ai le plaisir de vous annoncer notre nouveau projet en collaboration avec @seedcharity," Nazon deklare nan tweet la ki ekri nan lang franse.


Misye di objektif pwojè a se konstwi vit e prese 20 kay ki ka reziste enpak tranblemanntè pou plizyè fanmi.

Nazon ap jwe aktyelman pou ekip Quevilly-Rouen Métropole @QRM nan peyi la Frans. Li se tou, youn nan vedèt seleksyon nasyonal Ayisyèn nan.

XS
SM
MD
LG