Accessibility links

Breaking News

Yon Sòlda Fransè Blese Yon Nèg ki te Gen yon Manchèt nan Men li nan Mize Louv la


Manm lapolis, lame ak sèvis ponpye peyi Lafrans ki tap bay sekirite an fas antre Mize Louv la nan Pari apre endidan an. (Foto: 3 fevriye 2017).
Manm lapolis, lame ak sèvis ponpye peyi Lafrans ki tap bay sekirite an fas antre Mize Louv la nan Pari apre endidan an. (Foto: 3 fevriye 2017).

Nan vil Pari, an Frans, yon sòlda tire e li blese yon nèg ki te gen yon manchèt nan men l ak 2 valiz sou do l pandan nèg sa a tap eseye antre nan Mize Louv la vandredi 3 fevriye 2017 la.

Daprè lapolis, nèg la te menase ak manchèt la yon gwoup sòlda ki tap fè patwouy pandan li tap rele an arab "Allahu Akbar!", sa vle di “Bondye Gran!” Nèg la te lanse kri sa yo apre lapolis te fè l konnen li pa tap ka antre nan sant-dacha mize a avèk 2 valiz yo. Majistra kominal Pari a, Anne Hidalgo -ki tap pale ak laprès-- rann omaj pou sòlda e polisye ki te sou plas yo.

Responsab sèvis dijans ak sekou fransè ki prezante sou plas aprè atanta nan Mize Louv la.
Responsab sèvis dijans ak sekou fransè ki prezante sou plas aprè atanta nan Mize Louv la.

Responsab sekirite yo an Frans fè konnen sak ki te sou do nèg la pat gen ladan n ni eksplozif ni okenn lòt materyèl danjre. Apre ensidan an lapolis kite moun antre nan Mize Louv la; men kèk gwo dispozitif sekirite rete sou plas.

Entèvyou Serge Rodriguez ak jounalis Jordany Fortuné sou atak ak manchèt ki fèt nan Mize Louv la nan vil Pari, vandredi 3 fevriye 2017 la.
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:58 0:00

Klike sou lyen anlè a pou n gen plis detay sou nouvèl la avèk jounalis Jordany Fortuné, direktè Televizyon H-LIVE, afilye Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la nan vil Pari, an Frans, ki reponn kesyon Serge Rodriguez.

XS
SM
MD
LG