Accessibility links

Breaking News

Fowòm Sou Rekonstriksyon Ayiti 10 Jen Kap Vini An Nan Repiblik Dominikèn


William Malamud, prezidan Chanm ameriken Komès la Repiblik Dominikèn nan di « nou pral’ chèche wè nan ki sektè nou ka tabli rapò ak ayisyen yo. Misye Malud di “moman an rive pou nou idantifye opòtinite yo pou nou ka kreye travay nan peyi Dayiti nan yon an
William Malamud, prezidan Chanm ameriken Komès la Repiblik Dominikèn nan di « nou pral’ chèche wè nan ki sektè nou ka tabli rapò ak ayisyen yo. Misye Malud di “moman an rive pou nou idantifye opòtinite yo pou nou ka kreye travay nan peyi Dayiti nan yon an

René-Max Auguste, prezidan AMCHAM-HAITI (Chambre Américaine de Commerce-Haïti) di reinyon sa a se yon opòtinite tou pou 250 envestisè ayisyen, dominiken ak ameriken pou yo diskite bizniss ak envestisman nan kad rekonstriksyon Ayiti

Chanm Ameriken Komès ak Chanm komès Ayiti ak Repiblik Dominikèn ap mete sou pye yon fowòm nan koumansman mwa jen an sou rekonstriksyon Ayiti pou ankouraje patenarya ant 2 nasyon ki pataje zile Ispanyola a.
René-Max Auguste, prezidan AMCHAM-HAITI (Chambre Américaine de Commerce-Haïti) fè konnen Fowòm nan ap tanmen 10 jen nan vilaj Côte des Arcadins, yon zòn touris ki sou wout nasyonal nimewo 1 an, lè ou kite vil Pòtoprens pou w’ale nan direksyon Montrouis, Gonaïves ou Cap-Haïtien. Selon M. Grégory Groth, konseye ekonomik anbasad amerikèn nan nan kapital ayisyen an, Pòtoprens, Inisyativ sa a genyen sipò anbasad la ak Depatman komès Etazini.

Misye Auguste di reinyon sa a se yon opòtinite tou pou 250 envestisè ayisyen, dominiken ak ameriken pou yo diskite bizniss ak envestisman nan kad rekonstriksyon Ayiti.
Prezidan AMCHANM-HAITI a di«nou rekonèt feblès sektè prive ayisyen an e nou vle fè konnen nou dispoze patisipe nan patenarya ak envestisè etranje”
Bò kote pa li, sektè prive dominiken an ta renmen dekouvri opòtinite pou l’ fè biznis ann Ayiti , epi idantifye kèk sektè kote li kapab envesti.
William Malamud, prezidan Chanm ameriken Komès la Repiblik Dominikèn nan di « nou pral’ chèche wè nan ki sektè nou ka tabli rapò ak ayisyen yo. Misye Malud di “moman an rive pou nou idantifye opòtinite yo pou nou ka kreye travay nan peyi Dayiti nan yon anviwonnman ki bon pou biznis”.

René-Max Auguste, fè konnen klima biznis la amelyore nan peyi Dayiti, kote li di li konstate siy chanjman ni bò kote gouvènman an ni bò kote sektè prive ayisyen an ki vle louvri pou patenarya.

XS
SM
MD
LG