Accessibility links

Breaking News

Fòs Alye yo: Etazini, Frans, Grann Bretay Tire Missil Sou Peyi Libi


Fòs Alye yo: Etazini, Frans, Grann Bretay Tire Missil Sou Peyi Libi
Fòs Alye yo: Etazini, Frans, Grann Bretay Tire Missil Sou Peyi Libi

Lèzetazini lanse premye atak ak misil li kont sistèm defans anti-aeryen peyi Libi—nan yon operasyon pote-kole ak efò fòs alye yo pou yo kontre twoup lidè libyen an, Mouammar Kahdafi. Yon gwo responsab Depatman Defans Etazini konfime bato ameriken ak soumaren Grande Bretay nan lanmè Méditerranée a atake plizyè sib jodi samdi a nan Liby. Plis pase 20 sib militè yo konsidere kòm yon menas dirèk kont fòs koalisyon an e kont sivil libyen yo sibi atak nan operasyon sa a. Vis amiral Bill Gortney, direktè operasyon militè konjwen an, di okenn avyon militè Etazini pat patisipe nan atak aeryèn yo ni pa genyen okenn twoup ameriken sou tèritwa libyen an.

Fòs Alye yo: Etazini, Frans, Grann Bretay Tire Missil Sou Peyi Libi
Fòs Alye yo: Etazini, Frans, Grann Bretay Tire Missil Sou Peyi Libi

Nan Brezil, kote lap fè yon vizit, prezidan ameriken an, Barack Obama, deklare lidè libyen an, Mouammar Khadafi, pa kite peyi oksidantal yo okenn chwa ke aksyon militè. Premye minis britanik la, David Cameron, di nan vil Londres “aksyon kont misye Khadafi yo “nesesè, legal e jis”. Bonè samdi 19 mas la, avyon militè franse bonbade plizyè sib libyen—premye atak fòs etranjè kap fè respekte zòn entèdiksyon kote avyon ak elikoptè pa gen dwa vole nan espas aeryen peyi Libi Nasyonzini dekrete jedi pase a.

Responsab oksidantal yo deside operasyon militè a nan yon somè entènasyonal dijans ki dewoule samdi maten nan vil Paris, kapital Lafrans. Yon pòtpawòl militè franse deklare fòs li yo te vize yon veyikil ki tap menase sivil nan Liby. Men mwayen enfòmasyon yo fè konnen avyon konba franse yo detwi 4 tank libyen toupre rejyon lès bastion rebèl yo, anpalan vil Bengazhi.

Fòs Alye yo: Etazini, Frans, Grann Bretay Tire Missil Sou Peyi Libi
Fòs Alye yo: Etazini, Frans, Grann Bretay Tire Missil Sou Peyi Libi

Anvan sa, pezidan franse a, Nicolas Sarkozy, te anonse reprezantan Nasyonzini, Unyon Ewopeyèn nan, Lig Arab la ak pisans oksidantal yo te tonbe dakò pou yo itilize tout mwayen nesesè (pami yo fòs militè) nan Somè Paris a. Lidè franse a ajoute yo dakò pou yo fè respekte rezolisyon Konsèy Sekirite l’Onu apwouve jedi dènye a. Konsèy la, jou sa a, te dekrete yon zòn kote avyon pa genyen dlo vole sou tèritwa libyen an.

Sekretè Deta Hillary Clinton ki te patisipe nan Somè a, defann desizyon lidè mondyal yo. Li di malgre Tripoli tap pale sou afè yon sesel’fe, reyalite sou teren an toutafè diferan. Clinton di pisans mondyal yo kwè “plis yo pran tan pou yo pran aksyon kont Liby, pi plis yo ta pral mete sivil libyen yo andanje. Clinton ajoute avyon konba franse te deja ap fè patwouy nan espas aeryen libyen an pandan dewoulman somè a.

XS
SM
MD
LG