Accessibility links

Breaking News

Antèman Ansyen Senatè e Majistra Kominal Gabriel Fortuné Chante Okay Samdi 27 Out 2021


Nan Okay, Yon Denye Omaj Pou Ansyen Senatè Jean-Gabriel Fortuné
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:26 0:00

Nan Okay, Yon Denye Omaj Pou Ansyen Senatè Jean-Gabriel Fortuné

Antèman Senatè Fortuné, ki te pèdi lavi l nan tranblemanntè 14 out 2021 an Okay, chante nan vil sa a samdi 27 out la an prezans Premye Minis pwovizwa a, Ariel Henry, divès manm gouvènman pwovizwa a ak kèk manm tyè sena ki toujou an fonksyon an.

Antèman defen senatè ak majistra kominal Gabriel Fortuné, ki te pèdi lavi l nan tranblemanntè 14 out 2021 an nan Okay, Depatman Sid Peyi d Ayiti, chante nan vil sa a samdi 27 out la an prezans Premye Minis pwovizwa a, Ariel Henry, divès manm gouvènman pwovizwa a ak kèk manm tyè sena ki toujou an fonksyon an.

Sèl pitit defen an, Cristèle Fortuné, te pran lapawòl nan seremoni finèb la pou l di papa li te pataje anpil jwa avèk li e li fè tout efo posib pou prepare l pou lavi a. Korespondan nou nan Depatman Sid la fè n konnen Misye Fortuné sete konseye manm komisyon kominal enterimè aktyèl la; prezidant komisyon an, Madam Marie-Michel Sylvie Rameau, te ensiste sou pwen sa a nan yon omaj li rann defen palmantè a. Ansyen prezidan sena a, Pierre François Sildor –ki te pran lapawol nan non palman an- prezante Gabriel Fortuné kòm yon gran konbatan ki te byen sèvi peyi li.

XS
SM
MD
LG