Accessibility links

Breaking News

Fòmasyon Nouvo Gouvènman Libyen an


Premye minis Libyen an, Abdurrahim el-Keib
Premye minis Libyen an, Abdurrahim el-Keib

Lidè milis Zentane an, Ousama al-Juwali, ki te ede kapote ane sa a nan yon rebelyon rejim defen diktatè Mouammar Khadafi a resevwa prensipal pòs sekirite a nan nouvo kabinè Konsèy Nasyonal Tranzisyon an mete sou pye a.

Premye minis pwovizwa Abdurrahim el-Keib anonse konpozisyon kabinè a nan yon konferans pou laprès madi swa apre plizyè semèn negosyasyon.

Li bay Ousama al-Juwali ---lidè milis Zentane nan, yon vil nan lwès Libi--- pòs minis defans la. Al-Juwali te ede chase Khadafi nan Tripoli nan mwa out la e se li tou ki te poze men sou pitit gason ansyen diktatè a, Saif al-Islam, semèn pase, nan dezè sid libyen an.

XS
SM
MD
LG