Yon jiri jwenn ansyen polisye Derek Chauvin, ki te fè pati fòs polis vil Minneapolis, nan Eta Minnesota, koupab pou tout chèf dakizasyon ki t ap peze sou do l yo nan fen yon pwosè ki dewoule nan vil kote akize a te koze lanmo nwa-ameriken George Floyd sa preske gen yon lane.
Chauvin te gen pou l reponn akizasyon deske li te komet asassina o 2èm degre, swa asasina envolontè, ak asasina o 3èm degre. Aprè yon jiri 12 manm (6 blan ak 6 lot moun ki te swa nwa, swa de ras melanje) te fin tande akiman final avoka defans yo ak avoka akizasyon yo, manm yo te pase 6 zèdtan ap fè deba sou enfòmasyon yo te resevwa pandan dewoulman pwosè a ki dire 3 semèn anvan yo pran yon desizyon.
Nan deklarasyon final yo, youn nan avoka akizasyon yo te repwoche Chauvin, ki se yon blan, deske li te touye Floyd, yon nwa ameriken, lè li te mete jenou li sou kou misye pandan plis pase 9 minit. Yon avoka defans, Mèt Eric Nelson, te reponn pou l di youn nan rezon ki te koze lanmò George Floyd, se le fèt ke li te konn pran dwòg anpil epi, daprè li, akize a t ap aplike teknik yo te aprann li nan antrenman polisye lè li t ap arete Misye Floyd nan mwa me 2020 nan yon ri nan vil Minneapolis. Avoka akizasyon Steve Schleicher te rezime repwòch k ap peze sou do Derek Chauvin, ki te mete George Floyd atè alòske viktim nan te deja gen menòt nan bra l epi pandan 27 fwa li te rele pou di li pa t ka respire – moun ka wè sa sou yon video ki montre kijan George Floyd t ap redi pou l pran souf pandan jenou Chauvin te sou kou li.
Prezidan ameriken an, Joe Biden, ki t ap fè kòmantè sou pwosè a nan jounen lendi 19 avril la, te fè konnen li konsidere prev lajistis te ranmase kont Chauvin yo kòm evidans ki klè e ki sifi pou kraze tout defans. Misye Biden te di:
“M ap priye pou vèdik yo pral pran an se vèdik ki kòrèk la. Mwen panse prèv yo kapab kraze tout defans posib. Mwen di sa paske m konnen manm jiri a fèmen nan chanm yo e yo pa p tande ni wè sa m di la a.”
Aprè lanmò George Floyd la, plizyè milye manifestan te pran lari nan anpil vil Ozetazini e menm nan peyi etranje. Mouvman “Lavi Moun Nwa Enpòtan” te pran tèt manifestasyon sa yo; sepandan plizyè milye moun ki pa t gen okenn koneksyon ak mouvman sa a te pote kole ak òganizatè yo pou kondane aksyon Derek Chauvin yo; an menm tan tou yo te denonse move trètman lapolis kont manm gwoup minoritè yo.
Pwoblèm lanmò Floyd la soulve vin okipe premye plas nan nouvèl yo e nan diskisyon k ap fèt nan divès kominote Ozetazini aprè yon polisye blan nan vil Minneapolis –ki bay demisyon li- te touye anba bal yon jenn nwa-ameriken 20 tan pandan misye te sou volan yon machin e polisye a te rete l pou enspeksyon.