Accessibility links

Breaking News

Otorite Ameriken yo Ouvè yon Ankèt sou Efondreman Pon nan Miami - Omwen 6 Moun Mouri


Pon ki kraze toupre Inivèsite Entènasyonal Florid la (FIU)
Pon ki kraze toupre Inivèsite Entènasyonal Florid la (FIU)
Kantite moun ki mouri nan efondreman yon pon pou pyeton yo t ap bati bò kanpis Inivèsite Entènasyonal Florid la (FIU) nan Miami monte rive 6. Gen 9 moun pou pi piti ki blese lè pon an te sòt tonbe sou yon otowout ki te anba li; aksidan sa a lakoz anpil machin rete bloke anba debri yo.
Doktè Mark McKenney, direktè sèvis twoma nan Sant Medikal Kendell, pale byen ta jedi pou l di pi fò moun ki blese yo twouve yo nan yon eta stab. Kèk nan yo gen ti blese, gen lòt ki blese grav, tandiske kèk lòt gen zo kase. Anvan sa otorite yo te di kantite blese yo sete 10 moun.
Senatè Marco Rubio ki prese kite Washington pou l ale Miami apre anons nouvèl sou efondreman pon an.
Senatè Marco Rubio ki prese kite Washington pou l ale Miami apre anons nouvèl sou efondreman pon an.
Senatè Marco Rubio (R-FL) vizite sit aksidan an nan fen jounen jedi 15 ms la. Apre sa li pibliye yon tweet kote li di: "Kab ki te kenbe pon an te vin lache; e konpayi kap konstrui l la te mande bòs yo sere kab yo. Se pandan yo tap sere kab yo pon an sòt tonbe a."
Yo t ap konstui pon an -ki koute 14 milyon 200 mil dola- pou pèmèt etidyan ki prale nan FIU yo ak moun kap viv nan zòn nan evite travèse yon otowout ki gen 8 liyn e ki danjre anpill. Ane pase a yon machin te frape yon etidyan pandan li tap tavèse lari a e li te mouri.
Soukouris ki tap prese ale nan anplasman aksidan an pou ofri asistans yo bay viktim yo.
Soukouris ki tap prese ale nan anplasman aksidan an pou ofri asistans yo bay viktim yo.
Prezidan Inivèsite Entènasyonal Florid la, Mark Rosenberg, pale sou video pou l di: "Sa k rive la a se egzatteman le kontrè de rezilta nou tap chache a. Nou vle prezante kondoleyans pi pwofon nou bay fanmi viktim yo ak moun ki chè pou yo."
Otorite yo te pwograme pou yo inogire pon an ane pwochèn. Responsab yo nan FYU e nan konpayi ki tap batii pon an, Munilla Construction Management (MCM), te deja prezante konstriksyon sa a kòm yon reyalizasyon ekstwòdinè. Konpayi an piblye yon tweet kote li deklare: "Se devaste sa k rive a devaste nou. Nou pral mennen yon ankèt total-kapital e nou pral kowopre ak envestigatè yo, pami yo genyen Komisyon Nasyonal pou Sekirite nan Zafè Transpò Piblik."
Komisyon Nasyonal pou Sekirite nan Zafè Transpò Piblik (NTSB) te anonse li ta pral tanmen yon ankèt sou efondreman pon an depi nan kòmansman vandredi 16 mas 2018 la.
XS
SM
MD
LG