Accessibility links

Breaking News

Siklòn Florence Menase Plizyè Eta sou Kòt Atlantik Lèzetazini, sitou 2 Kawolin yo ak Vijini


Yon koutje sou Florence depi Estasyon Espasyal Entènasyonal la. Move tan sa a ap pran fòs rapidman pou l tounen yon siklòn gwo nèg e tèrib. (Foto NASA).
Yon koutje sou Florence depi Estasyon Espasyal Entènasyonal la. Move tan sa a ap pran fòs rapidman pou l tounen yon siklòn gwo nèg e tèrib. (Foto NASA).

Isit Ozetazini, nan plizyè kote nan Eta Kawolin di Nò otorite yo ap fè populasyon an deplase nan moman siklòn Florence fin pran fòs pou l tounen yon siklòn kategoti 4. Gwo move tan sa a, ki twouve li nan pati nò Oseyan Atlantik la, pote avèk li van kap soufle a 195 kilomèt a-lè.

Sant Nasyonal Siklòn Lèzatazini an (abreje anglè NHC) -ki baze nan Miami, nan eta Florid- prevwa Florence pral pase ant zile Bèmid yo ak Bahamas nan jounen madi a oubyen mèkredi, epi l ap pran direksyon 2 Kawolin yo jedi oubyen vandredi pou pi ta. Anvan siklòn nan touche kòt Lèzetazini, NHC di li pral deja tounen yon siklòn ekstrèmman danjre.

Nan Washington, Pentagòn nan, ki t ap pale de gwo move tan an lendi, fè konnen li deja depeche yon ekip militè ki ale pran pozisyon nan yon sant operasyon dijans nan vil Raleigh, nan Kawolin di Nò, pou kowòdone efò-sekou otorite federal yo byen kapap genyen pou yo ofri otorite eta a. Se konsa tou gen twoup militè ki pare pou yo ale pran pozisyon nan eta Kowolin di Sid avèk Vijini.

Kliyan ki mete yo an liyn pou yo achte gaz pwopàn nan magazen Socastee Hardware, nan vil Myrtle Beach, nan Kawolin di Sid, anvan Siklòn Florence rive sou rejyon an. (Foto: 10 septanm 2018).
Kliyan ki mete yo an liyn pou yo achte gaz pwopàn nan magazen Socastee Hardware, nan vil Myrtle Beach, nan Kawolin di Sid, anvan Siklòn Florence rive sou rejyon an. (Foto: 10 septanm 2018).

Nan 3 eta nou site yo, otorite yo deklare etadijans tandiske nan kèk eta ki plis nan nò, tankou New Jersey, responsab yo lanse avètisman bay popilasyon k ap viv sou kòt yo pou yo pran divès prekosyon; pami yo gen dispozisyon pou yo pwoteje tèt yo kont inondasyon ke lapli ka pwovoke. Avètisman sa a valab tou pou moun ki abite byen lwen anndan eta sa yo.

Gouvènè Kawolin di Nò a, Roy Cooper, lanse apèl lendi bay Prezidan Donald Trump pou mande l pibliye yon deklarasyon anvan-lè sou dezas nan Eta a dekwa pou preparasyon ka fèt davans pou responsab yo fè fas ak dega siklòn nan ka koze.

Nan moman Florence ap pare pou l touche tè, espesyalis meteo yo anonse yon lòt move tan ap vanse sou Ti Antiy yo e sou pati lès Karayib la. Non li se Isaac; li pi piti pase Florence e li gen mwens fòs. Sant Nasyonal SIklòn Lèzetazini an (NHC) prevwa li pral degrade pou l tounen yon tanpèt twopikal vè vandredi ou samdi pandan l ap deplase nan direksyon pati sid Pòtoriko, Repiblik Dominikèn ak Ayiti.

Pandansetan, yon 3èm tanpèt twopikal ki rele Helèn pran nesans sou Oseyan Atlantik la. Espesyalis yo pa prevwa li pral pase pre okenn peyi nan jou k ap vini yo pandan l ap deplase nan direksyon nò e kote ki gen lanmè sèlman.

XS
SM
MD
LG