Accessibility links

Breaking News

Final Koup Dimond Feminen an Kòmanse


—Kore di Sid ap rankontre Japon nan final koup dimond foutbòl feminen U-17 la k ap dewoule nan Trinidad and Tobago 25 septanm k ap vini la a.

Japonè yo kalifye apre yo kale Kore di Nò sou menm skò a 2 a 1 nan lòt semi final la. Kore di Nò ap rankontre Espay nan match konsolasyon pou 3èm plas la. Match sa yo ap jwe an prezans prezidan FIFA a Sepp Blatter ak prezidan KONKAKAF la Jacques Warner.

—Nan match lig chanpyon gwoup A a Toronto FC fè match nil 0 a 0 ak klub Meksiken Cruz Azul.

—Federasyon Foutbòl Meksiken an sispann pou 6 mwa foutbolè Carlos Vela ak Efrain Juarez. Federasyon an frape 11 jwè yon amand pou movèz kondwit yo te genyen nan okazyon match amikal kont Kolonbi 7 septanm pase a.

—Defansè ekip Atletico de Madrid Tchèk Tomas Ujfalusi resevwa yon sispansyon 2 match apre li te fè bosal ak foutbolè ajanten Lionel Messi—shòk la tèlman grav ajanten an ap rete an deyò teren an ant 2 a 3 semen.

Responsab yo nan Reyal Madrid ap rankontre Murcia nan Koup Wa a ak espwa antrenè Pòtigè Jose Mourinho kapab ede klub la ranpòte twofe a.

—Ajans Anti Dopaj Mondyal la apwouve yon nouvo lis medikaman ki entèdi nan spò. Chanjman yo ap afekte medikaman ki disponib nan mache nwa e ke endistri kap fè medikaman yo poko apwouve. Nouvo lis la ap antre an aplikasyon 1 janvye 2011.

XS
SM
MD
LG