Accessibility links

Breaking News

FIFA Pral Seleksyone Abit Pou Final Mondyal La


Abit fransè Stephane Lannoy
Abit fransè Stephane Lannoy

FIFA retni 19 abit pou kontinye dirije pwochen faz koup dimond la k ap kòmanse 2 jiyè: 6 abit ewopeyen, 4 sidameriken, 3 azyatik, 3 ki soti nan KONKAKAF la, 2 reprezantan afriken ak yon abit oseyani. Pami abit ki resevwa bon kanè yo gen anglè Howard Webb ki nan bon pozisyon pou l ta dirije final tounwa a, ak bèlj Franck de Bleekere. Sou lis sa a FIFA ap chwazi abit ki pral dirije rankont ka de final yo, semi final yo ak final la.

—Abit ki te komèt erè grav pandan 2 premye faz konpetisyon an resevwa move kanè --sa vle di yo pa pami labit ki sou lis nout sot site la. 10 pi move abit yo genyen ladan yo malyen Coman Coulibaly ki te dirije rankont Etazini/Sloveni an nan premye tou a; abit irigweyen Jorge Larrionda ki te dirije match Angletè/Almay nan 8èm de final la; abit fransè Stephane Lannoy ki te ekspilse jwè brezilyen Kaka nan rankont Brezil kont Kot Divwa apre yon jwè ivwaryen te fè fent pou fè konprann kòmkwa advèsè brezilyen an te frape l nan figi. Yon lòt abit ki pran move kanè tou, se italyen Roberto Rossetti ki te bay Ajantin yon gòl nan 8èm de final yo kont Meksik, alòske atakan ajanten an te ò je.

—Direktè medikal FIFA a anonse tou lè 208 tès yo fè apre 52 rankont bay rezilta negatif. Responsab yo chwazi 2 jwè nan chak ekip apre chak rankont pou fè yo sibi tès anti dopaj.

—Mitan teren ameriken Landon Donovan di li nesesè pou FIFA mete plis abit sou teren an ou byen sèvi ak videyo pou evite yon seri de erè pandan match koup dimond yo. Prezidan FIFA a, Sepp Blatter , ki prezante ekskiz li pou erè abit yo, li fè konnen òganizasyon an pral etidye posibilite pou l sèvi ak nouvo teknoloji (goal line) pou detèmine si boul la travèse liy gòl la. An 2007 FIFA te eseye nouvo teknoloji pandan dewoulman koup di mond mwen de 17 tan yo Pewou, men sa pat mache.

XS
SM
MD
LG