Accessibility links

Breaking News

FIFA ap Ankete sou 16 Dirijan Foutbòl nan Karayib la


16 dirijan Foutbòl ki soti nan 11 peyi Karayib la pral kontinye reponn kesyon ekip anketè ansyen direktè FBI, Louis Freeh, ap fè pou FIFA nan kad yon dosye koripsyon. Yo akize dirijan sa yo kòm kwa prezidan Konfederasyon foutbòl Azyatik la, Mohamed bin Hamman, ta ofri yo lajan an retou pou yo vote an favè l kòm prezidan FIFA.

Dirijan yo te resevwa envitasyon volontè pou te vinn fè depozisyon devan anketè yo nan Miami ou byen nan Bahamas dapre yon nòt FIFA te pibliye 23 jiyè. Kòm konsekans, akizasyon komite etik FIFA a sispann pou lavi diran prezidan foutbòl azyatik la, Mohamed bin Hamman, malgre li te abadone kous pou l ranplase Sepp Blatter nan tèt FIFA.

Komite a sispann tou pou yon lane 2 manb inyon foutbòl Karayib la pou wòl yo ta jwe nan distribye anvlòp yo pandan rankont kandida Mohamed bin Hamman te genyen ak dirijan foutbòl Karayib yo nan Trinidad and Tobago an me 2011.

Prezidan KONKAKAF la, Jacques Warner, te demisyone avan menm li te prezante devan komison etik FIFA a. Prezidan Federasyon Foutbòl Babad la, Lisle Austin, resevwa yon lane sispansyon. Msye Austin te pote dosye a devan yon tribinal sivil kont KONKAKAF olye pou l te ale ann apèl nan tribinal abitraj spòtif la an Swis.

FIFA di li te mande ankèt la kont dirijan Inyon Foutbòl Karayib yo apre Bahamas, Turk and Caicos, Bermud ak Il Kayiman yo te denonse operasyon distribisyon anvlòp lajan. Porto Riko, Aruba, Sirinam, Kiraso, ak la Grenad fè konnen yo te kolabore ak anketè FIFA yo e rekonèt yo te resevwa yon òf 40 mil dola. Kiba, ki se manb Inyon Foutbòl Karayib la, pat envite nan rankont la.

Prezidan Federasyon Foutbòl ayisyen an, Doktè Yves Jean Bart, fè konnen li deja reponn kesyon anketè yo nan telefòn. Mesye Jean Bart di li pat resevwa lajan pandan rankont la. Prezidan Federasyon Foutbòl ayisyen an, doktè Yves Jean Bart, reponn kesyon Jean Robert Philippe.

Klike sou flèch ki anlè atik la pou w tande entèvyou Jean Robert Philippe ak Yves Jean Bart.

XS
SM
MD
LG