Ansyen Prezidan kiben Fidel Castro mouri. Televizyon leta kiben an te anonse l vandredi 25 Novanm 2016 byen ta nan lannwit. Li te gouvène Kiba kòm yon leta ki gen yon sèl pati politik pandan preske 50 lane anvan li te remèt pouvwa a bay frè li Raul an 2008.
Ansyen Lidè Kiben an Fidel Castro
- Ekip Sèvis Kreyòl VOA
13
Fidel Castro chita pandan li kenbe men ak frè li, Prezidan kiben Raul Castro, a dwat, ak 2èm sekretè Komite Santral-la, Jose Ramon Machado Ventura, yon moman anvan yo te jwe him nasyonal pati Kominis la nan seremoni kloti 7èm Kongrè Pati Kominis Kiben an nan La Avàn, Kiba, Madi 19 Avril 2016.
14
Ansyen lidè kiben Fidel Castro, a dwat, bay lanmen ak Prezidan peyi Iran Hassan Rouhani nan La Avàn, Kiba, lendi 19 Septanm 2016.