Accessibility links

Breaking News

Fidèl yon Legliz nan Kalifòni Arete yon Atakan nan yon Fiziyad ki Fè yon Mò


Sharis awondisman Orange la Scott Steinle gade yon foto Dokte John Cheng yon viktim fiziyad legliz Prezbite Geneva nan Santa Ana, Kalifoni.
Sharis awondisman Orange la Scott Steinle gade yon foto Dokte John Cheng yon viktim fiziyad legliz Prezbite Geneva nan Santa Ana, Kalifoni.

Laguna Woods, Kalif. - Yon nèg ouvri kout zam pandan yon resepsyon t ap dewoule nan yon legliz nan pati sid Eta Kalifòni, kote li touye yon moun epi blese 5 gran moun aje anvan fidèl legliz la te mete men sou li epi kenbe li jiskaske lapolis te rive, yon jès chèf polis lokal la konsidere kòm yon “aksyon ki plen ewoyism ak yon bravou eksepsyonèl.”

4 sou 5 moun ki blese yo sibi kèk blesi grav nan kout bal yo resevwa nan zak vyolans sa a ki dewoule nan Legliz Presbiteryèn Geneva, nan vil Laguna Woods, dapre sa Biwo Chèf Polis Awondisman Orange fè konnen.

Vis Chèf Polis Jeff Hallock deklare sispek la se yon azyatik ki nan 60tèn li. Li anba men lapolis ki jwenn 2 revolvè sou plas ensidan an. Otorite yo poko konnen ki rezon ki pouse atakan an poze zak la, men anketè yo pa kwè misye ap viv nan kominote kote legliz la sitiye a.

Majorite moun ki te nan legliz la se desandan azyatik, daprè Carrie Braun, yon pòtpawòl chèf polis la.

XS
SM
MD
LG