Accessibility links

Breaking News

FFA Pwolonje Kontra Antrenè Bradley


Federasyon Foutbòl Ameriken an pwolonje kontra antrenè seleksyon nasyonal maskilen an Bob Bradley jiskan 2014 , donk apre koup dimond FIFA ki gen pou dewoule o Brezil la.

Desizyon ki ekate posibilite pou antrenè Bradley chache yon djòb antrenè an Ewòp. Nan premye kontra a antrenè te resevwa 600 mil dola lan kòm salè de baz e dapre nouvèl yo nouvo kontra a koute plis toujou.

Etazini gen pou jwe 2 match amikal kont Polòy 9 oktòb epi le 12 oktòb kont Kolonbi.

XS
SM
MD
LG