Accessibility links

Breaking News

Prezidan Trump vle bay Fèt 4 Jiyè a yon Koulè Espesyal Ane sa a


Selebrasyon Fèt Endepandans Lèzetazini an nan anbasad amerikèn nan Ankara, Tiki, 2 jiyè 2019.
Selebrasyon Fèt Endepandans Lèzetazini an nan anbasad amerikèn nan Ankara, Tiki, 2 jiyè 2019.

Ozetazini, vil Washington ap pare l pou yon lòt selebrasyon anivèsè endepandans peyi a nan men La Grann Bretay ane sa a fè 243 zan. Selebrasyon ane sa a pwomèt pou l diferan ak fèt tradisyonèl yo e sa pou anpil rezon. Nan okazyon selebrasyon ane sa, Prezidan Donald Trump deside pwononse yon diskou nan pye Moniman Lincoln nan e li pase lòd pou fèt sa a gen patisipasyon tank militè ak avyon de gè kap vole sou tèt piblik la.

Si gen ameriken ki apresye desizyon sa a, gen lòt ki pa dakò ak prezidan an. Pa egznap, gen sitwayen ki di selebrasyon konsa vin fè fèt la (ki pa ta dwe gen koulè politik) tounen yon pati nan kanpay elektoral pou re-eleksyon Trump an 2020. Men gen moun ki byen kontan deske sa ofri yo yon okazyon pou yo wè prezidan an. Se santiman touris John Weigle, moun vil Abilene, Eta Kansas, ki deklare:

“Mwen pase an tan ke prezidan, li gen yon obligasyon pou l pale ak pèp la. Si se sa li vle fè --e li vle fè sa sou mach ki mennen nan Memoryal Lincoln nan-- ebyen, mwen dakò 100% avèk sa.”

Fedatifis ki te klere syèl la bò Memoryal Lincoln nan nan Washington le 4 jiyè 2018.
Fedatifis ki te klere syèl la bò Memoryal Lincoln nan nan Washington le 4 jiyè 2018.

Kèk ameriken lonje dwòt sou gwo kantite lajan show militè Prezidan an mande a pral koute kontribyab yo; yo denonse sa yo konsidere kòm “gou pwononse lidè ameriken an genyen, dapre yo, pou gwo evennman militè…” Moun ki pa dakò ak jan selebresyon an pral pase a resevwa pèmisyon pou yo ekspoze sou plas piblik nasyonal la nan Washington yon balon jeyan ki fèt sou potrè Prezidan Trump, menm jan ak gwo boul britanik yo te ekspoze nan vil Lond pandan vizit lidè ameriken an sa pa gen lontan. Konsa touris k ap vizite kapital la nan okazyon an pral gen plis rezon pou yo pran plezi yo ke sa yo espere. Jason Ballard, yon touris ki sòti nan vil Kansas, Eta Missouri, pataje opinyon sa a lè li di:

“Nou vini isit la apre yon vwayaj 3 semèn. Nou sòti nan vil Kansas, Eta Missouri. Fwa sa a nou vini nan okazyon 4 jiyè a pou nou ka wè fedatifis yo.”

Fedatifis moun wè nan Washington nan okazyon selebrasyon anivèsè endepandans nasyonal Lèzetazini a se toujou pi gwo espektak ki sou pwogram nan atravè tout peyi a. Ane sa a Prezidan Trump pwomèt yon selebrasyon espesyal. Li di se fèt k ap pi ektrawòdinè nan tout istwa Lèzetazini.”

XS
SM
MD
LG