Accessibility links

Breaking News

Prezidan Trump Rann yon Gwo Omaj pou Fòs Zame Lèzetazini nan Okazyon 4 Jiyè 2019 la


Prezidan Donald Trump, bò kote Premyè Dam nan, Melania Trump, Vis Prezidan Mike Pence, Minis Defans pwovizwa a, Mark Esper, ak lot moun ki te prezan devan Moniman Lincoln nan pou selebrasyon fèt endepandans la jedi 4 jiyè 2019 la.
(AP Photo/Susan Walsh, Pool).
Prezidan Donald Trump, bò kote Premyè Dam nan, Melania Trump, Vis Prezidan Mike Pence, Minis Defans pwovizwa a, Mark Esper, ak lot moun ki te prezan devan Moniman Lincoln nan pou selebrasyon fèt endepandans la jedi 4 jiyè 2019 la. (AP Photo/Susan Walsh, Pool).

Prezidan ameriken an, Donald Trump, te prensipal òganizatè sa li rele "pi bon show nan tout lavi" pou l te selebre 243èm anivèsè pwoklamasyon endepandans Lèzetazini. Selebrasyon espesyal sa a dewoule jedi 4 jiyè 2019 la nan Washington.

Alòske, tadisyonèlman, yon prezidan ameriken rete dousman pou l gade sitwayen yo k ap selebre jou endepandans la nan fason pa yo, se Prezidan Trump, li menm an pèsonn, ki te pran direksyon selebrasyon an. Li te mete sou pwogram nan avyon militè ki t ap pase sou tèt piblik la, gwoup mizikal ak chan patriyotik, yon egzibisyon tank militè epi li fè yon diskou devan Moniman Lincoln nan kote li te ensiste sou 243 ane istwa Lèzetazini, malgre tan an pa t twò bon e te gen menas tanpèt. Prezidan Trump di li konsidere istwa Lèzetazini kòm:

“Istwa epik yon grann nasyon ak yon pèp ki te riske tout bagay pou sa l te konnen ki jist, pou l sa l te konnen ki verite.”

Yon bebe ki t ap fè drapo ameriken an flote devan Prezidan Donald Trump ak Premyè Dam nan, Melania Trump, pandan yo t ap rive devan Moniman Lincoln nan pou sa Misye Trump rele "Omaj pou Lèzetazini" nan Washington D.C., 4 jiyè 2019 la.
Yon bebe ki t ap fè drapo ameriken an flote devan Prezidan Donald Trump ak Premyè Dam nan, Melania Trump, pandan yo t ap rive devan Moniman Lincoln nan pou sa Misye Trump rele "Omaj pou Lèzetazini" nan Washington D.C., 4 jiyè 2019 la.

Anpil obsèvatè te pè pou Misye Trump pa t fè selabrasyon jou nesans nasyon an tounen yon evennman politik avèk yon diskou kote li ta pral pale de sa li konsidere kòm reyalizasyon li depi li sou pouvwa a. Sepandan li pa pale ditou ni de politik, ni de eleksyon prezidansyèl ki pral dewoule ane pwochèn nan, menm jan li pa di yon mo sou 2 douzèn kandida demokrat k ap chache anpeche l pase yon 2èm manda nan tèt peyi a. Olye de sa, Donald Trump te evite pale de sa ki divize ameriken yo, men li pale pito de sa ki ini yo.

Gen sektè ki te fache poutèt La Mezon Blanch te distribiye tikè pou moun t ale devan Moniman Lincoln nan pou yo tande prezidan an; men se sèlman repibliken ki fidèl anvè Misye Trump ki te resevwa tikè sa yo. Manifestan anti-Trump te byen fè wè prezans yo pandan tout jounen an sou Mòl Nasyonal la, gwo plas piblik kote Moniman Lincoln nan sitiye a; yo te ekspoze pou tout moun wè yon gwo balon ki te gen sou li fòm yon bebe fache avèk kouchèt sou li e ki te sanble tèt-koupe ak prezidan Trump. Gen nan moun sa yo ki te rive vann plizyè balon menm jan, men pi piti, ke manifestan yo t ap fè flote sou tèt yo.

XS
SM
MD
LG