Alyans Atlantik Nò a, l’Otan, sipoze anonse jodia fen misyon li a nan Libi apre yon kanpay aeryen 7 mwa pou pwoteje popilasyon sivil la, selon yon manda Konsèy Sekirite l’Onu an te ba li.
Alyans lan deside ofisyèlman mete fen nan kanpay la apre Nasyonzini anile manda a semèn pase, malgre lidè Konsèy Nasyonal Tranzisyon an te egzòte l’Otan mentni misyon an pou jouk fen ane a pou rezon sekirite.
Sekretè Deta ameriken, Hillary Clinton, di Libi ap fè fas ak yon gwo defi pou l inifye nasyon ane dirijan yo genyen yon misyon politik konplike devan yo.
Men li fè jounal The Washington Post konnen “Lèzetazini ak lòt peyi ofri konkou e yo pral ede Libi tout jan yo kapab”.