Accessibility links

Breaking News

Fèmye Ameriken Yo Di Yo Depann Anpil De Imigran Ilegal Pou Biznis Yo Mache


Fèmye Ameriken Yo Di Yo Depann Anpil De Imigran Ilegal Pou Biznis Yo Mache
Fèmye Ameriken Yo Di Yo Depann Anpil De Imigran Ilegal Pou Biznis Yo Mache

Ozetazini, gen anpil divizyon nan mitan ameriken yo sou kesyon ki gen rapò ak imigran ilegal k ap viv nan peyi a. Konsèvatè yo kritike Administrasyon Obama a paske li bloke yon nouvo lwa Eta Arizona a vle pran sou kesyonan e ki pwovoke gwo pawòl-anpil.

Objektif lwa sa a se idantifye epi depòte imigran ilegal k ap viv nan eta a. Kritik yo di moun sa yo ap wete travay sitwayen ameriken yo nan men yo. Men pwopriyetè fèm ameriken yo gen yon opinyon ki totalman diferan sou kesyon an.

Pandan pèp ameriken an ap pran distans li plis chak jou ak aktiivte agrikòl, plantè ki anplwaye moun pou travay sou plantasyon yo di yo vin depann de imigran ilegal sa yo pou yo rekòlte frui ak legim ki prale nan kuizin e sou tab sal-a-manje atravè tout peyi a.

Tankou plizyè generasyon ki te vin avan, anpil nan imigran sa yo antre Ozetazini pou yo chache yon lavi miyò. Moun k ap travay sou plantasyon yo pase tout yon jounen ap travay di. Pi fò sou 1 milyon moun k ap travay sou fèm Ozetazini, se etranje; e mwatye nan yo se imigran ilegal.

Lèzetazini gen plan pou l mete an aplikasyon yon pwogram ki rele “guest worker” kote direktè yo ta kapab anplwaye imigran legalman. Jack Martin, k ap travay pou Federasyon Imigran K ap travay Ozetazani yo, di rezon ki koze sitiyasyon sa a, se paske papa ak manman pitit ameriken yo gen pi pou timoun yo rèv ki pa gen plas pou agrikilti.

Men, sa pa chanje le fèt ke gen yon pakèt moun ki nan chomaj e ki ta kapab fè yon ti kòb si yo te aksepte fè travay agrikòl. Pwoblèm nan se ke salè, benefis ak kondisyon lavi moun k ap travay sou plantasyon yo se yon bagay vrèman tèrib.

Lwa ki ka pèmèt “guest workers” yo vin travay Ozetazini twouve l devan Kongrè a jiskaprezan. Pandansetan, fèmye yo gen pwoblèm poutèt difikilte ki genyen pou lwa sou refèm nan sistèm imigrasyon ameriken an pase nan Kongrè a. Yo di si yo pa gen anplwaye pou travay sou plantasyon yo, tout rekòt yo ap gate e piti-piti se plantasyon yo k ap disparèt.

XS
SM
MD
LG