Accessibility links

Breaking News

Fauci: Vaksen Kowonaviris ki Egziste Deja Bay 'Kèk' Pwoteksyon Kont Varyan Omicron an

Dr. Anthony Fauci, President Joe Biden's top medical adviser, listens as Biden speaks about the COVID-19 variant named omicron, in the Roosevelt Room of the White House, Nov. 29, 2021.
Dr. Anthony Fauci, President Joe Biden's top medical adviser, listens as Biden speaks about the COVID-19 variant named omicron, in the Roosevelt Room of the White House, Nov. 29, 2021.

Pi gwo ekspè nan maladi enfektyez ameriken an te di Madi ke Ameriken ki pran vaksen yo gen "kèk degre pwoteksyon" kont nouvo varyan omikwon kowonaviris la, men syantis yo poko konnen ki chanjman ki merite fet nan vaksen yo, pou ede moun konbat nouvo varyan an.

Doktè Anthony Fauci, konseye medikal Prezidan Joe Biden, te di nan La Mezon Blanch "pwofil mitasyon varyan Omicron an an trè diferan ak lòt varyan yo".

Dapre Fauci, twa vaksen ki egziste deja Ozetazini yo ta ka anpeche moun ki te resevwa yo vin malad grav avek varyan omicron an, li ajoute ke li "rete ensèten... spéculatif" si yo pral konplètman efektif kont tout moun ki malad yo.

"Nou kwè ke li twò bonè pou nou diskite sou gravite varyan omicron an. "Nou ta dwe gen yon pi bon lide nan kèk semèn anko," Fauci deklare.

Sitting in his car, Mesquite firefighter Jeffrey Dillon pulls up his shirt sleeve to get a Pfizer COVID-19 vaccine booster shot at the Dallas County Health and Human Services drive up vaccine site in Mesquite, Texas, Nov. 30, 2021.

Jiskaprezan, li te di, yo rive idantifye 226 ka varyan omicron an nan 20 peyi atravè glòb la.

Doktè Rochelle Walensky, direktris Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi, di: "Nou ap chèche aktivman moman kote varyan omicron an va antre nan peyi a".

XS
SM
MD
LG