Accessibility links

Breaking News

Doktè Fauci Avèti Li Posib pou Kantite Nouvo Ka Kowonaviris yo Ozetazini Monte Rive 100 Mil pa Jou


Doktè Anthony Fauci ki t ap fè depoziisyon li devan yon komisyon Sena ameriken an madi 30 jen 2020 an.
Doktè Anthony Fauci ki t ap fè depoziisyon li devan yon komisyon Sena ameriken an madi 30 jen 2020 an.

Pi gwo espesyalis nan maladi enfektyez Ozetazini, Doktè Anthony Fauci, ki t ap fè depozisyon l devan yon komisyon Kongrè ameriken an nan jounen madi 30 jen 2020 an, fè palmantè yo konnen li gen kèsote devan gwo ogmantasyon nouvo ka kowonaviris yo nan peyi a e li plase yon espwa limite sèlman nan posiblite pou yon vaksen ta disponib nan yon avni ki pa lwen. Doktè Fauci deklare:

“Pa gen okenn garanti ke nou pral genyen yon vaksen ki efikas e ki ofri sekirite an menm tan. Men, nou plase yon espwa limite nan posiblite ke nou va konnen degre efikasite yon vaksen nan yon dat kèlkonk pandan sezon ivè a oubyen byen bonè an kòmansman ane pwochèn nan.”

Doktè Fauci se direktè Enstiti Nasyonal Alèji ak Maladi Enfekstyez, ki baze nan vil Bethesda, nan Eta Maryland. Li pale konsa devan manm Komisyon Sena a pou Sante, Edikasyon, Travay avèk Pansyon.

Nan moman lekòl ap pare pou yo relouvri pòt yo Ozetazini nan mwa daout la ak mwa septanm nan, Doktè Fauci fè konnen li pa kwè yon vaksen pral gentan pare anvan sa. Li lanse avètisman pou l di pandemi an poko sou kontwòl e li ajoute:

“Jounen jodi a n ap anrejistre 40 mil nouvo ka pa jou. Men, sa pa ta etone m ditou si kantite a ta monte rive 100 mil nouvo ka pa jou si nou pa rive mete yon fren nan ogmantasyon sa a. Alòs, sa ban mwen anpil kèsote.”

Prezidan komisyon Sena a ki t ap tande depozisyon Doktè Fauci a, Lamar Alexander (yon senatè repibliken), ensiste sou nesesite pou lekòl yo relouvri pòt yo; e li lanse ton apèl bay Prezidan Donald Trump ak piblik la an jeneral pou l made yo mete kachne nan figi yo yon fason pou yo apiye efò k ap fèt jisteman pou diminye ogmantasyon kantite moun k ap trape chak jou viris ki bay maladi KOVID-19 la nan peyi a.

XS
SM
MD
LG