Accessibility links

Breaking News

Doktè Fauci Regrèt Absans yon Kowòdinasyon Nasyonal Ozetazini pou Konbat Pandemi Kowonaviris la


Doktè Anthony Fauci, mamm ekip espesyal La Mezon Blanch fòme pou jere lit kont kowonaviris la Ozetazini.
Doktè Anthony Fauci, mamm ekip espesyal La Mezon Blanch fòme pou jere lit kont kowonaviris la Ozetazini.

Etazini-Kowonaviris: Aprè peyi a fin rapòte pi gwo kantite nouvo ka enfeksyon maladi KOVID-19 la pou yon sèl jou depi mwa me pase a, pi gwo espesyalis ameriken nan domèn maladi enfetyez la, Doktè Anthony Fauci -ki se direktè Enstiti Nasyonal Sante a, NIH-, fè konnen li pa satisfè ditou-ditou ak jan sa prale Ozetazini. Li deklare:

“San di pètèt nou poko rive kote nou espere rive a. Nou twouve nou toujou nan mitan yon pandemi istorik trè grav.”

Doktè Fauci pale konsa jedi 13 out 2020 an pandan li te fè pati yon panèl diiskisyon ki t ap abòde dosye KOVID la nan lokal magazine National Geographic.

Menmsi Prezidan Donald Trump te deklare semèn sa a a li atann li aske pandemi an rive nan yon pwen kote tout moun ap santi y ap respire byen -e sa, “nan yon ti bout tan anko”, Doktè Fauci fè konnen kantite nouvo ka enfeksyon yo pral kontinye monte, amwens ke gouvènman federal la -ak gouvènman eta yo kòmanse travay ansanm pou yo kontwole kriz la. Li ajoute:

“Se sa menm ki ban m kèsote a, paske mwen rete kwè nou kapab ralanti pandemi an sou kous li; nou gen kapasite pou n diminye kantite ka enfeksyon yo.”

Jiskprezan poko genyen yon estrateji kowòdinasyon ni bò kote gouvènman an nan Washington DC, ni nan niwo eta yo, konsènan mwayen pou otorite yo konbat pwopagasyon maladi a. Gen kèk eta ki oblije moun mete mas avek kachne nan figi yo e ki kenbe restriksyon yo nan plas yo, tandiske gen lòt ki pa oblije moun pote mas nan milye piblik yo e yo menm relache règleman sou rasanbleman sosyal yo.

XS
SM
MD
LG