Accessibility links

Breaking News

Doktè Fauci Mande Lidè Mondyal yo Plase Lavi Sitwayen yo Anvan Ekonomi an pou Yo Sove Tou Lè 2


Doktè Anthony Fauci ki t ap fè depozisyon li devan yon komisyon Sena a madi 30 jen pase a. (Foto: Al Drago/Pool via AP).
Doktè Anthony Fauci ki t ap fè depozisyon li devan yon komisyon Sena a madi 30 jen pase a. (Foto: Al Drago/Pool via AP).

"Lidè mondyal yo pa kapab chwazi ant sove ekonomi peyi yo avèk sove lavi moun."

Se deklarasyon pi gwo espesyalis ameriken an nan maladi enfektyez yo, Doktè Anthony Fauci, ki ajoute : “Li pa bon pou nou genyen pou n chwazi ant lavi ak ekonomi an. Alòs, ann favorize sante piblik pou l kapab ede nou relouvri ekonomi an olye pou n fè yo tounen 2 fòs opoze.”

Doktè Fauci se direktè Enstiti Nasyonal Ameriken pou Alèji ak Maladi Enfektyèz yo; li pale konsa nan yon entèvyou avèk Jounal Asosyasyon Medikal Etazini an. Li fè deklarasyon sa a nan moman gouvènè yo atravè tout peyi a pran desizyon, yon fwa ankò, pou yo femen ba yo ak restoran yo epi enpoze, yon 2èm fwa, restriksyon kont kowonaviris yo akoz yon nouvo ogmantasyon nan kantite moun ki trape viris KOVID-19 la -yon ogmantasyon ki bay gwo kèsote. 40 sou 50 eta ameriken yo rapòte yon gwo wòs nan kantite nouvo ka yo e se chak jou nouvo ka yo anrejistre nan peyi a ap bat rekò jounen anvan an.

XS
SM
MD
LG