Accessibility links

Breaking News

Apèl pou Entèdi Chalimo kòm Youn nan Pi Gwo Fatra ki Polye Planèt Tè a


Touris ak moun peyi Endonezi k ap debake yon bato plen ak fatra plastik. Fatra sa yo polye plaj Sanur, nan Denpasar, Vil Bali, nan Endonezi. (Foto: 10 avril 2018).
Touris ak moun peyi Endonezi k ap debake yon bato plen ak fatra plastik. Fatra sa yo polye plaj Sanur, nan Denpasar, Vil Bali, nan Endonezi. (Foto: 10 avril 2018).

Nan moman se jou ki rete pou selebrasyon Jounen Entènasyonal Latè a (dimanch 22 avril 2018 la), La Grann Bretay lanse apèl pou l mande yon entèdiksyon total-kapital chalimo ki fèt an plastik e ki jetab aprè sèvis. Militan k ap defann lanati yo pa pèdi tan pou yo mande tout moun fè egatteman sa La Grann Bretay mande a e pou yo sispann sèvi ak chalimo.

Chalimo ak louch an katon ou plastik se 2 pami 10 bagay yo jwenn plis nan operasyon netwayaj plaj yo atravè lemond, daprè Ocean Conservancy, yon òganizasyon ki pa dèyè benefis e ki gen 30 tan depi l ap mete sou pye chak ane divès mouvman pou ranmase fatra nan lanmè ak sou plaj.

Daprè òganizasyon an, osean yo gen ladan yo salte ki peze 150 milyon tòn metrik; pami salte sa yo genyen fatra ki bloke sikilasyon dlo sou kòt yo, yo tounen pyèj ki makònen bèt-lanmè e mete an danje, e yo rive sal kèk rejyon sou latè kote lòm pa menm abite.

Daprè yon etid ki fèk parèt, 8 milyon tòn fatra al chwe sou plaj yo chak ane.

XS
SM
MD
LG