Accessibility links

Breaking News

Fanmi Lavalas Anonse Ofisyèlman Retou Ansyen Prezidan Aristide ann Ayiti


Fanmi Lavalas Anonse Ofisyèlman Retou Ansyen Prezidan Aristide ann Ayiti
Fanmi Lavalas Anonse Ofisyèlman Retou Ansyen Prezidan Aristide ann Ayiti

Ko-òdonatris pati Fanmi Lavalas e pòtpawòl ansyen prezidan Aristide Doktè Maryse Narcisse fè konnen gen anpil preparatif ak aranjman ki fèt pou bay lidè lavalas la yon gwo akèy lè li va rive ann Ayiti vandredi 18 mas la.

Retou Mesye Aristide la fikse pou kek jou avan 2e tou yon eleksyon prezidansyèl kap mete fas-pou-fas Mirlande Hypolite Manigat, sekretè Jeneral RDNP a (Rasanbleman Demokrat Nasyono Pwogresis) ak kandida Repons Peyizan an Michel Joseph Martelly. Se premye fwa 2 kandiad a la prezidans pral nan 2e tou ann Ayiti.

Responsab pati Lavalas la ensiste pou di retou Msye Aristide la pa gen anyen pou l wè ak eleksyon yo e ke prensipal objektif lidè a se ede pèp ayisyen an nan domèn edikasyon.

Etazini ak Lafrans panse yo chwazi yon move dat pou retou ansyen prèt katolik la, e ke li ta dwe retounen pito apre eleksyon prezidansyèl e lejislativ 20 mas yo.

Klike sou ikon ki anwo e adwat atik la pou w tande repòtaj sa a.

XS
SM
MD
LG