Accessibility links

Breaking News

Mach pou Make 35èm Jounen Nasyonal Fanm Ayisyèn yo Samdi 3 Avril 2021


Fanm ayisyèn, lidè antrepriz, ki te reyini nan yon rankont nan Anbasad d Ayiti nan Washington, le 7 oktòb 2018. (Foto: S. Lemaire / VOA).
Fanm ayisyèn, lidè antrepriz, ki te reyini nan yon rankont nan Anbasad d Ayiti nan Washington, le 7 oktòb 2018. (Foto: S. Lemaire / VOA).

Nan okazyon 35èm Jounen Nasyonal Fanm Ayisyèn yo, samdi 3 avril 2021 an, anpil òganizasyon fanm ak gwoup defans dwa fanm anonse yon mach nan Pòtoprens ak lòt vil nan Peyi d Ayiti pou make pwogrè medam yo reyalize nan sosyete a epi ensiste sou travay ki rete pou fèt pou konbat gwo inegalite ki egziste toujou ant fanm ak gason nan sosyete a. Kòm pwogrè ki fèt nan lit medam yo livre pou yo gen plis dwa pandan 35 ane ki pase yo, òganizatris mach la pale de prezans fanm yo nan tout nivo administrasyon piblik la (sa ki pa t yon reyalite nan epòk manman yo ak grann yo), yon kantite fanm lidè ki pa sispann grandi nan antrepriz yo, dispozisyon konstitisyonèl ki prevwa yon tyè plas pou fanm nan fonksyon piblik la –san bliye palman an.

Mach la genyen yon objektif politik tou, daprè sa Sabine Lamour, direktris Solidarite Fanm Ayisyèn (SOFA), di nan deklarasyon li fè pou l anonse mach samdi a:

<< Gen yon ansanm de desizyon k ap pran nan sosyete a, nou deside pale sou yo. Espesyalman kesyon referandòm nan, espesyalman kesyon konstitisyon an avèk yon seri de pwopozisyon sou la question de la parité. Pou nou menm, nou rejte kesyon sa yo. Nou pa rejte parite an tan ke lide; men nou rejte l avèk gouvènman sa a; paske parite a, an tan ke pwomès politik, li pa kapab kenbe nan sitiyasyon sa a. Pou nou menm, se yon strateji ankò kote BUNIH avèk Core Group pwone yon tip de feminism, kote yo pa rekonèt otonomi ak endepandans nou, pou nou bay tèt nou yon jounen kote nou di “men kouman nou wè peyi nou”, kote nou di “nou vle viv nan peyi nou.” “Parite a se yon mo y al chache lòt kote; se yon strateji fanm yo itilize lòt kote. Sa pa vle di se yon estraji ki vid pou lòt kote yo; men, nan sitiyasyon pa n nan, nan kontèks kote n ap viv la la, mo sa a pa gen sans pou nou. Li pa sòti nan matris mouvman feminis la, kote li ta mare ak revandikasyon popilè yo, ak dinamik lit popilè k ap fèt nan sosyete a.>>

Fanm ayisyèn nan Wanament k ap tann pou yo al achte nan Dajabón, Repiblik Dominikèn (Foto: REUTERS/Ricardo Rojas, 10 oktòb 2018).
Fanm ayisyèn nan Wanament k ap tann pou yo al achte nan Dajabón, Repiblik Dominikèn (Foto: REUTERS/Ricardo Rojas, 10 oktòb 2018).

Pou Gaelle Bien-Aimé, atis e komedyèn byen koni sou rezo sosyal yo, manm òganizasyon Nègès Mawon, fanm yo pral pran lari tou pou yo mande jistis pou tout viktim zak vyolans ki te simen dèy nan peyi a pandan ane ki fèk pase yo, kit se fanm, kit se gason. Se konsa, pa egzanp, li mande jistis pou viktim masak ki te fèt sa pa gen lontan nan katye popilè yo nan Pòtoprens. Le li di “jistis”la, l ap pale de yon jistis sosyal ki mande yon redistribisyon richès peyi a; e lè li pale de “pwoteksyon aki demokratik yo”, l ap mande òganizasyon eleksyon lib e demokratik ann Ayiti:

“N ap mache 3 avril la pou n di kondisyon fanm yo ap viv la pa pèmèt yo egzèse dwa politik yo; konsa aki politik fanm yo ap fè bak. Twòp krim fèt nan peyi a; fòk gen jijman ak pinisyon pou tout lotè krim deta, tout moun ki fè krim seksyèl, tout krim ki fèt sou fanm yo. Fòk gen jijman ak pinisyon pou tout moun ki enplike nan masak ki fèt nan katye popilè yo. Fanm yo bezwen santi yo lib pou yo regle aktivite yo pou yo viv. Fòk richès peyi a redistribiye pou fanm yo ka viv e travay nan bon kondisyon. Fòk gen yon gouvènman enterimè ki kredib e ki respekte prensip parite fanm ak gason, ki pou garanti aki demokratik yo e òganize bon jan eleksyon nan peyi a.”

Nan okazyon 35èm anivèsè Jounen Nasyonal Fanm Ayisyèn yo, Depatman Zafè Fanm (Ministère à la condition féminine) mete sou pye yon seri de fòmasyon sou dwa medam yo ak fason pou yo byen jwe wòl yo nan kominote yo, pandan y ap ranfòse pwa yo nan tout aspè vi nasyonal la –sosal, ekonomik ak politik.

XS
SM
MD
LG