Accessibility links

Breaking News

Fanm ak Jèn Fi nan Nairobi, Kenya, Anba Menas Vyolans Seksyèl


Nan yon rapò Amnesty International fè sou fanm, yo di jèn fi k ap viv nan bidonvil Nairobi yo sibi anpil ka vyòl. Nan plis pase 200 pami bidonvil sa yo, medam yo ap fè fas ak anpil risk vyolans seksyèl, sitou lè labrin diswa tonbe.

Justus Nyang'agaya se direktè Amenesty International nan Kenya. Li deklare pandan tout moun k ap viv nan bidonvil yo pa benefisye okenn dwazimen fondalnatal tankou bon kondisyon sanitè, yon anviwonman pwòp ak sekirite, medam yo, an patikilye, viktim indiyite lè manke enstalasyon ak sekirite.

Menm anndan kay yo, li difisil pou fanm yo benyen. Yon kay tipik gen yon sèl chanm ki ka kenbe o mwen 8 moun. Si manm fanmi an pa sòti nan chanm nan, fi sa a ka oblije benyen devan yo, ouswa pa benyen ditou.

Gen 200 bidonvil ou etablisman enfòmèl nan kapital Kenya a, Nairobi. Dapre estimasyon yo, 2 milyon moun, swa mwatye mwatye popilasyon Nairobi a, ap viv nan yo. Etablisman enfòmèl sa yo okipe preske 4 pousan zòn rezidansyèl nan kapital la a ak yon pousan tout tè ki genyen nan vil la.

Etablisman enfòmèl yo pa fè pati plan planifikasyon vil la. Pifò abitan yo pa genyen sèvis debaz tankou dlo, kanalizasyon pou egou ak elektrisite. Sèlman 24% nan rezidan yo gen yon twalèt anndan kay yo, kote, nan kèk zòn, se yon grenn latrin ki genyen pou jiska 200 moun.

Justus Nyang’aya, k ap travay pou Amnesty International Kenya, di 1 fi sou 5 nan Kenya viktim vyòl e, le pi souvan viktim-yo pè rapòte krim sa yo. Sepandan, Li ajoute gen pwogrè ki fèt.

Konseye minisipal vil Nairobi a instale kèk poto limyè nan lari a e li fè fouye kèk twalèt tou. Men Nyang'aya souliyen nesesite pou responsab yo entegre etablisman enfòmèl nan plan planifikasyon k ap fèt nan vil la.

Medam yo, ki pa genyen lòt chwa ke defann pwòp tèt yo, yo menm, deside pran sitiasyon an nan men yo. Nan "abri" enfòmèl Korogocho, gen yon gwoup ki pran nesans e ki rele Mwen Merite Pou Yo defann Mwen, ap aprann medam yo kèk teknik "auto-défense" pou yo kapab defann tèt yo e ankadre yo (ba yo swen sikolojik) lè yo viktim zak vyolans seksyèl.

XS
SM
MD
LG