Accessibility links

Breaking News

Jistis USA: Yon Jij Federal Ranvwaye yon Desizyon sou Afè Etidyan Etranje yo


Youn nan bilding prensipal yo nan Harvard University ki, avèk MIT, pote plent nan tribinal kont gouvènman federal ameriken an pou chanjman livle poge nan règleman konsènan etidyan etranje yo.
Youn nan bilding prensipal yo nan Harvard University ki, avèk MIT, pote plent nan tribinal kont gouvènman federal ameriken an pou chanjman livle poge nan règleman konsènan etidyan etranje yo.

Yon jij federal ameriken ranvwaye, vandredi 10 jiye 2020 an, yon desizyon l ap anvizaje nan kad yon pwosè 2 inivèsite ap fè kont gouvènman ameriken an tandiske Eta Kalifòni, li menm, pote plent yon fason separe kont nouvo règleman federal ki menase pou elimine stati imigran etidyan etranje k ap suiv kou sou entènèt la sèlman.

Jij federal Allison Burroughs anonse li deside rete tann jous semèn pwochèn nan pou l pran yon desizyon sou kesyon pou konnen èske li dwe pase yon lòd pwovizwa pou bloke mizanplikasyon nouvo règleman yo ke otorite imigrasyon ameriken yo te anonse lendi 6 jiyè 2020 an. Règleman sa yo fè etidyan entènasyonal yo obligasyon pou yo suiv kou yo an-pèsonn sou campus yo, sa vle di pou yo prezan fizikman nan sal de klas yo. Lekòl ak inivèsite ameriken yo ap fè tèt yo travay pou yo konnen kijan pou yo prezante kou yo pandan peryòd pandemi KOVID-19 la: anpil nan yo chwazi pou yo ofri kèk nan klas yo oubyen tout klas yo sou entènèt la pandan semès otòn k ap vini la a.

Inivèsite ki lanse pwosè a se Harvard University ak Enstiti Teknoloji Massachusetts, (MIT), ki defye desizyon gouvènman an paske yo di chanjman otorite federal yo vle pote nan règleman yo ka lage sistèm edikasyon siperyè ameriken an nan tyouboun, nan yon sitiyasyon tèt anba. Rezondèt defi sa a se paske, dapre yo, chanjman an ka oblije lekòl ak inivèsite ameriken yo prese fè aranjman pou pèmèt etidyan yo asiste kou yo nan sal de klas san yo pa pran an konsiderasyon danje ke sa poze pou sante piblik.

XS
SM
MD
LG