Accessibility links

Breaking News

Etazuni Reponn Kritik Ayisyen Ki Di Livrezon Asistans Apre Tranbleman an Pran Twop Tan


Madanm sa a ap gade kan pou viktim tranbleman te 14 Out la ki detwi kay yon paket moun nan Pestel, Ayiti, 23 Out, 2021.
Madanm sa a ap gade kan pou viktim tranbleman te 14 Out la ki detwi kay yon paket moun nan Pestel, Ayiti, 23 Out, 2021.

Le Repote nou yo pale ak viktim tranbleman te a nan andeyo Okay, youn nan bagay nou tande souvan se ke yo poko we okenn asistans.

Kidonk nou mande Ricardo Zuniga - Anvwaye Espesyal Depatman Deta pou Triyang No a nan Biwo kap travay sou zafe Emisfe Oksidantal la - sakap pase ak asistans Ameriken an.

Misye Zuniga di "Sak enpotan se reponn gwo bezwen ki egziste pou asistans. Se pa selman Etazuni kap travay sou sa, gen Ajantinn, Kolonbi - yo paket peyi e nap kowopere ave yo. Sa nou konstate se ke nesesite a imans nan sid la e popilasyon an gen yon dezir pou yo we ed sa a rive san pedi tan. Se sa nou vle tou. Misyon Komandman Sid Milite Ameriken an ak Gad Kot nou se travay ak USAID pou livre asistans sa a."

Misye Zuniga te pale ak koleg nou, Cristina Caicedo Smit.

Pandansetan, ye Madi a, USAID (Ajans Ameriken pou Devlopman Entenasyonal) te oganize yon forom sou entenet, kote li envite diaspora Ayisyen an toupatou Ozetazuni vinn diskite sou kestyon asistans la ak kijan pou amelyore pwosesus la.

Sarah Charles se direktris adjwen Biwo USAID pou Asistans Umanite.

"Mwen vle onet avek nou youn nan pi gwo defi nou genyen - e youn nan rezon nou we yon paket asistans ap rive nan pi gran vil yo se paske jan ou konnen'l lan gen kek nan kominote sa yo ki lwen anpil sitou sa yo ki sitye nan morn yo e pou'm pale onetman mwen pa kwe nou rive nan tout zon sa yo," Madan Charles deklare. "Nap konte anpil sou bato, avyon, elikopte ke nou genyen pou transpote asistans la e se paske gen anpil ensekirite sou otowout la ant Potoprens ak Okay e se sa ki lakoz livrezon an pran anpil tan konsa.

Komante Lavwadlamerik remake ke manm diaspora a ki tap suiv diskisyon an fe, montre yo apresye le fet ke responsab USAID yo te oganize rankont sa a pou echanje ide sou sije enpotan sa a.

XS
SM
MD
LG