Accessibility links

Breaking News

Etazuni Pral Rekomanse Aplike Politik 'Rete Meksik' la


Foto Achiv: Moun nan peyi Meksik kap tann azil Ozetazuni resevwa pla manje pandan y ap tann nouvel sou chanjman nan politik Etazuni sou frontye ak Tijuana, Meksik, 19 Fev. 2021.
Foto Achiv: Moun nan peyi Meksik kap tann azil Ozetazuni resevwa pla manje pandan y ap tann nouvel sou chanjman nan politik Etazuni sou frontye ak Tijuana, Meksik, 19 Fev. 2021.

Administrasyoon Biden nan fe konnen li gen entansyon re-mete ann aplikasyon mwa pwochen an, yon politik ansyen prezidan Trump te komanse ki mande moun k ap chache azil Ozetazuni rete tann nan peyi Meksik, jiskaske yo gen yon dat pou konparet devan tribunal imigrasyon Ameriken.

Fok gouvenman Meksik la dako, anvan lwa sa a antre ann aplikasyon. Otorite Ameriken yo di gen ke sote gouvenman Meksiken an soulve pa rapo ak politik sa a ke y ap eseye rezoud.

Yon dokiman legal Meksik soumet Jedi di Meksik ta renmen pou ka moun k ap chache azil yo deside nan yon espas 6 mwa epi asire ke moun sa yo gen bon jan enfomasyon sou dat ak le pwose yo pral dewoule.

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press

Facebook Forum

XS
SM
MD
LG