Prezidan Etazini an, Barack Obama, fè konnen prezidan Siryen an, Bashar al-Assad, ap fin pèdi lejitimite nan je pwòp pèp li ankò.
Lidè ameriken an kontinye pou l di misye Al-Assad rate plizyè okazyon youn apre lòt pou l te fè bon jan refòm nan peyi li.
Nan yon entèvyou Prezidan Obama bay chèn televizyon amerikèn CBS, li deklare gouvènman siryen an komèt sa li rele « yon nivo britalite ki pa akseptab » sou manifestan ki t ap pwoteste nan lapè kont rejim Assad la.
Gouvènman siryen an te kritike kèk deklarasyon menm jan Sekretè-Deta Hillary Clinton te fè; daprè otorite yo nan Damas, deklarasyon konsa se plis prèv ki montre Lèzetazini ap mele nan zafè prive peyi Siri.