Accessibility links

Breaking News

Etazini: Rahm Emmanuel se Nouvo Majistra Kominal Chikago


Rahm Emanuel
Rahm Emanuel

Yon ansyen pwòch kolaboratè Prezidan Barack Obama ranpòte eleksyon pou pòs majistra kominal Chikago, 3èm pi gwo vil Ozetazini.

Ansyen chèf pèsonèl La Mezon Blanch la, Rahm Emmanuel, pral prete sèman nan mwa me pwochen apre li ranpòte 55 % vwa yo nan eleksyon ki dewoule madi 22 fevriye a.

Mesye Emmanuel ranpòte plis pase 2 fwa plis vòt pase advèsè ki vini imedyatman apre l la, e konsa l ap evite 2èm tou.

Prezidan Obama fè parèt yon deklarasyon kote li fè Mesye Emmanuel konpliman pou yon bèl viktwa ki, daprè lidè ameriken an, se yon viktwa byen merite.

Prezidan Lèzetazini an di li fyè onnpepli pou ansyen koaboratè l la e li gen konviksyon Mesye Emmanuel ap tounen yon gwo majistra pou tout sitwayen k ap viv nan Chikago.

XS
SM
MD
LG