Accessibility links

Breaking News

Prezidan Obama Mande Kongrè a Redui Taks Sou Konpayi k ap Kreye Travay Ozetazini


Prezidan Obama lanse apèl bay Kongrè a pou mande l vote yon lwa k ap redui taks sou konpayi k ap enstale izin yo Ozetazini
Prezidan Obama lanse apèl bay Kongrè a pou mande l vote yon lwa k ap redui taks sou konpayi k ap enstale izin yo Ozetazini

Ozetazini, nan domèn ekonomik la, Prezidan Barack Obama atire atansyon sou kèk konpayi ki rive fè travay ki t ap fèt a letranje rantre nan peyi a. Pandan lidè ameriken an t ap vizite yon izin nan vil Milwaukee, eta Wisconsin ki nan pati sant-wè Lèzetazini, li fè konpliman pou konpayi sa a ki rele "Master Lock" e ki jwenn mwayen rantre 100 jòb moun t ap fè nan peyi Lachin.

Prezidan Obama di: “An reyalite, si m isit la jodiya, se paske konpayi sa a pwofite o maksimòm de opòtinite ki egziste kounyela a pou travay ak konpayi amerikèn k ap fonksyone a letranje, retounen Ozetazini."

Pandan 10 zan ki pase yo, Lèzetazini pèdi plizyè milyon travay ki ale jwenn konpayi etranje ki fè menm jòb yo pou piti lajan, paske yo depanse mwens pou yo opere nan lòt peyi, epi lwa peyi sa yo pèmèt yo peye anplwaye yo mwens lajan. Sepandan, jounen jodiya, prezidan Obama fè konnen tandans la kòmanse vire.

Misye Obama di: “Plis konpayi, tankou Master Lock, kòmanse fè izin yo retounen isit; yo kòmanse poze kesyon pou yo mande, si depans ki nesesè pou yo travay isit, pa plis ke depans yo fè nan yon peyi tankou Lachin, poukisa pou yo pa bay moun travay pito isit Ozetazini d Amerik?"

Prezidan Obama lanse apèl bay Kongrè a pou mande l vote yon lwa k ap redui taks sou konpayi k ap enstale izin yo Ozetazini epi elimine yon lwa ki koupe taks sou konpayi ki fèmen izin yo nan peyi isit pou al ouvri yo nan aletranje.

XS
SM
MD
LG