Accessibility links

Breaking News

Etazini Pran O Serye Menas Branch Al-Kaida nan Yemèn


Amiral Mike Mullen, kòmandan O-Etamajò Fòs Ame Lèzetazini, di li pran o serye menas branch Al-kaida ki nan peyi Yemèn fè pou l atake enterè Lèzetazini e li vin danjere anpil-anpil pandan 2 zan ki pase yo.

Pandan kòmandan Mullen t ap abode kesyon an dimanch 21 novanm 2010 la, li deklare li pran trè o-serye menas branch Al-kaida k ap opere nan preskil Arabik la fèk fè pou l di l ap lanse kont objektif ameriken plis atak ki pa koute chè pou prepare e ki gen dimansyon ki pi redui pase atak li te lanse nan le pase yo.

XS
SM
MD
LG