Accessibility links

Breaking News

Etazini Pral Kontinye Ede Ayiti, Daprè Anbasadè Kenneth Merten


Anbasadè ameriken an ann Ayiti, Kenneth Merten, fè konnen Etazini ap kontinye asiste Ayiti nan travay pou rekonstwi peyi a apre pasaj tranblemandtè 12 janvye a. Diplomat la di se yon angajman ni administrasyon Obama a an patikilye, ni pèp ameriken an an jeneral. Mesye Merten pale konsa nan yon diskou li fè nan okazyon anivèsè endepandans Etazini. Nan menm okazyon an, Premye Minis Jean Max Belllerive fè konnen li pataje optimism anbasadè Merten ki deklare li gen fèm espwa Ayiti ap rekanpe sou 2 pye l aprè dezas ki te frape l sa preske gen 6 mwa a. Korespondan nou Rotchild François Junior devlope nouvèl sa a nan komansman virewon nap fè nan Pòtoprens ak lòt vil peyi Dayiti.

Klike sou ikòn MP3 ki anwo e adwat atik sa a pou w koute repòtaj sa ak lòt nouvèl sou peyi Dayiti.

XS
SM
MD
LG