Accessibility links

Breaking News

Etazini-Politik: Eleksyon Primè nan Eta Ilinwa


Etazini-Politik: Eleksyon Primè nan Eta Ilinwa
Etazini-Politik: Eleksyon Primè nan Eta Ilinwa

Ozetazini, madi 20 mas 2012 la se jou eleksyon primè pou pati repibliken an nan Eta Ilinwa ki nan sant-wès peyi a. Kandida Mitt Romney, ki devan nan kousla, espere elektè Ilinwa yo va pèmèt li ogmante sou avans li genyen devan lòt kandida yo, sitou ansyen senatè Eta Pennsilvani, Rick Santorum, ki 2èm pou kantite delege li deja genyen, men ki, daprè dènye sondaj yo, vini byen lwen dèyè Misye Romney nan entansyon vòt elektè yo.

Lendi, 2 mesye yo te mennen kanpay nan Eta a ; Mitt Romney te rankontre ak kèk votan nan yon restoran nan vil Springfield, anvan li te ale Chicago kote li fè yon diskou sou ekonomi an. Li deklare:

"Mwen vle retabli prensip ki te fè Lèzetazini tounen pi gwo peyi sou Latè e youn nan prensip sa yo di: “Ou pa kapab ap depanse plis lajan pase sa ou antre.”

Misye Santorum pale li menn tou pou l di si li ranpòte primè Eta Ilinwa a madi, sa pral vle di se li k ap ranpòte nominasyon pati repibliken an. Ansyen senatè Pennsilvani an lanse apèl bay elektè yo pou yo youn ankouraje lòt vote pou li. Li di:

“Eleksyon primè sa a kapab reprezante yon moman etonan nan istwa Lèzetazini; e, isit la menm, nan Lilinwa, nou kapab kreye moman istorik sa a. Nou kapab bay analis k ap fè previzyon yo yon gwo sezisman; nou menm, kòm konsèvatè, nou kapab etone yo.”

N ap raple se Mitt Romney ki te ranpòte eleksyon primè ki dewoule dimanch nan Pòto Riko; konsa li avanse pi pre chif 1144 delege li bezwen pou l ranpòte nominasyon pati repibliken an. Kandida ki rive totalize kantite sa a va gen pou fè fas ak Prezidan Barack Obama nan mwa Novanm nan.

XS
SM
MD
LG