Accessibility links

Breaking News

Etazini: Mitt Romney Ranpòte Eleksyon Primè yo nan Eta New Hampshire


Etazini: Mitt Romney Ranpòte Eleksyon Primè yo nan Eta New Hampshire
Etazini: Mitt Romney Ranpòte Eleksyon Primè yo nan Eta New Hampshire

Ozetazini, ansyen gouvènè Eta Massachussets la, Mitt Romney, ranpòte eleksyon primè Eta New Hampshire la, depite Ron Paul vini an 2èm pozisyon, tandiske ansyen anbasadè ameriken nan La Chin, Jon Huntsman, okipe 3èm plas la.

Nan yon rankont Misye Romney fè ak yon foul patizan li yo aprè anons rezilta final yo, li di viktwa li nan New Hampshire se yon viktwa istorik.

Vrèmanvre, Mitt Romney se premye kandida repibliken, nan 30 tan, ki rive genyen 2 premye eleksyon primè yo, aprè li te ranpòte kous elektoral Eta Iowa a semèn pase a. Konsa, misye byen plase pou l jwenn nominasyon Pati Repibliken an epi fè fas ak Prezidan Barack Obama nan eleksyon prezidansyèl ki pral dewoule nan mwa Novanm nan. Nan mesaj li mete devan patizan n yo yè swa, li te kontinye ak seri atak l ap lanse depi kèk tan deja sou administrasyon Obama a.

Misye Romney: “Nou genyen twòp dèt, tandiske nou pa genyen ase opòtinite. Epi prezidan an leve chak maten, li voye je l atravè Lèzetazini, e se ak fyète li anonse: “eh byen, sa te ka pi mal! ” Mezanmi, sa te ka pi mal ? Non, rezonnman sa a pa sanble ak rezonnman yon ameriken.”

Kòm nou di sa deja a, kandida ki okipe 2èm plas la, se Ron Paul, yon depite Eta Tegzas. Li te jwenn bon jan apui bò kote elektè Eta New Hampshire yo avèk yon mesaj kote deviz li se « Viv Lib ou Mouri. » Nan Platfòm elektoral li a, li anonse yon politik k ap bese taks yo, k ap bay sitwayen yo plis libètè endividyèl, epi, si l monte sou pouvwa a, li pwomèt pou l fè sòlda ameriken ki kantone tou patou nan lemond, retounen Ozetazini.

Depute Ron Paul di: “Nou bouke voye pitit nou atravè lemond e gaye lajan nou tou patou nan lemond. Nou bouke fè politik pou le mond e sèvi kòm polis lemond. Li lè, li tan pou n fè sòlda nou yo rantre lakay yo."

Deklarasyon Depite Ron Paul, ki vini an 2èm pozisyon dèyè Mitt Romney nan eleksyon primè Eta New Hampshire la. Pwochen kous elektoral la pral dewoule nan Eta Kawolin di Sid madi 17 janvye k ap vini la a. Anpil obsèvatè panse, si Misye Romney ranpòte 3èm kous sa a, l ap vin gen ase van nan vwal li pou l jwenn nominasyon pati repibliken an epi l ap tounen kandida ki pral fè fas ak Prezidan Barack Obama nan mwa Novanm nan.

XS
SM
MD
LG