Accessibility links

Breaking News

Etazini: Menas pou Gouvènman an Fèmen Toujou Egziste


Prezidan ameriken an Barack Obama
Prezidan ameriken an Barack Obama

Prezidan Barack Obama fè konnen li espere resevwa nouvèl lidè democrat ak repibliken yo nan Kongrè a genyen pou voye ba li byen bonè vandredi 8 mas 2011 la, pou fè l konnen si wi ou non yo rive jwenn yon antant sou bidjè federal la, anvan yon pati nan gouvènman an fèmen a minui, si yo pa rive jwenn antant sa a.

Byen ta yè swa, Misye Obama te rankontre nan La Mezon Blanch avèk lidè majorite demokrat la nan Sena a, Harry Reid, ak prezidan Chanm dè Reprezantan an, Repibliken John Boehner, pou yo te eseye elimine enpas kote 2 kan yo bloke sou yon plan depans pou gouvènman federal la pou rès ane fiskal la, kap bout nan fen mwa septanm 2011 la.

Nan yon deklarasyon misye Reid ak Boehner te pibliye apre rankont la, yo di yo rive diminye diferans ki egziste antre yo. Misye Obama te genyen pou l fè yon visit nan eta Indiana jodiya; men li ranvwaye li pou l swiv e patisipe nan efò kap fèt pou resoud pwoblèm ki anpeche repibliken ak demokrat jwenn antant la. Prezidan ameriken an pale pou l di , si gouvènmanm an fèmen, sa kapab genyen move konsekans sou relans ekonomi amerikèn nan.

XS
SM
MD
LG