Accessibility links

Breaking News

Prezidan Meksiken an, Manuel Andrés López Obrador, Pral Vizite Washington Mèkredi


Prezidan Meksiken an, Manuel Andrés López Obrador.
Prezidan Meksiken an, Manuel Andrés López Obrador.

Prezidan meksiken an, Manuel Andrés López Obrador, gen pou l rankontre avèk Prezidan Lèzetazini an, Donald Trump, nan jounen mèkredi 8 jiyè 2020 an nan okazyon premye vizit lidè meksiken an nan Washington nan moman Misye López Obrador ap rete tann rezilta yon tès li fè pou kowonaviris. Anvan prezidan meksiken an rive Ozetazini, li deklare li pral anonse rezilta tès la anvan fen jounen madi a epi li gen pou l sibi yon lòt tès lè li va rive Ozetazini si pwotokòl la pèmèt sa. Misye López Obrador ajoute:

“Vizit mwen nan Washington se yon vizit ki enpòtan, paske objektif akò komèsyal ant 3 peyi nò-ameriken yo se kreyasyon job nan peyi sa yo nan yon moman kote pandemi kowonaviris la rive kokobe anpil ekonomi nan lemond.”

Pandansetan La Mezon Blanch pibliye yon deklarasyon kote li fè konnen 2 prezidan yo pral rekonèt nouvo akò komèsyal ant Lèzetazini, Meksik ak Kanada a ki te antre an aplikasyon premye jiyè pase a.

Kèk obsèvatè politik te ensiste pou yo fòse Misye López Obrador rejte envitasyon La Mezon Blanch la. Rezon yo bay pou sa se le fèt ke Prezidan Trump te di li konsidere kèk meksiken kòm kriminèl pandan kanpay elektoral li an 2016 epi poutèt yon politik kote lidè ameriken an ap ankouraje konstriksyon yon miray sou fwontyè ki separe 2 peyi yo.

Pandansetan, nouvèl la fè konnen Premye Minis kanadyen an, Justin Trudeau, refize yon envitasyon La Mezon Balnch te voye ba li pou l patisipe nan rankont la; men Misye López Obrador deklare lidè kanadyen an aksepte pou l vin rann li yon vizit nan vil Meksiko.

XS
SM
MD
LG