Accessibility links

Breaking News

Etazini: Lidè Demokrat, Nancy Pelosi, Eli Prezidan Chanm Depite yo


Lidè Demokrat, Nancy Pelosi, reprezantan eta Kalifòni, se nouvo prezidan chanm depite a nan 116èm Kongrè ameriken an. Capitol Hill, Washington, 3 janvye 2019.
Lidè Demokrat, Nancy Pelosi, reprezantan eta Kalifòni, se nouvo prezidan chanm depite a nan 116èm Kongrè ameriken an. Capitol Hill, Washington, 3 janvye 2019.

Apre 2 zan kote Repibliken yo te kontwole Mezon Blanch lan, Sena a ak Chanm Reprezantan an, Demokrat yo vin an majorite nan chanm bas la nan Kongrè a.

Demokrat yo ki te ranpòte laviktwa nan eleksyon mi-manda yo pou chanm depite a, vote pou eli Nancy Pelosi kòm prezidan chanm depite a. Madam Pelosi pral okipe plas sa a pou yon 2èm fwa.

Repibliken Kevin McCaerthy, lidè minorite nan Chanm Bas la remèt chaj ofisyèlman bay Madam Pelosi ki gen 30 tan deli li ap sèvi pèp ameriken nan chanm depite a.

Depite McCaerthy nan diskou li fè konnen malgre li pa pataje men ide ak Madam Pelosi men li rekonèt li se yon bon amerikèn kap travay nan enterè peyi l. Toutfwa, Repibliken yo toujou gen kontwòl Sena a ak pouvwa ekzekitif la.

XS
SM
MD
LG