Accessibility links

Breaking News

Lèzetazini Pale ak Larisi sou Bitasyon li yo Washington te Sezi sou Prezidan Barack Obama

Vis-Minis afè etranjè Larisi a, Sergei Ryabkov, agoch, ak Anbasadè Larisi a Ozetazini Sergey Kislyak, adwat, pandan yo tap rive nan Depatman Deta Ameriken nan Washington, 17 jiyè 2017 pou pale ak Sou-Sekretè Deta ameriken Thomas Shannon.

Diplomat wo plase ki reprezante Etazini ak Larisi fè yon chita pale sou yon pakèt kesyon, lendi 17 jiyè 2017 la. Sepandan, gen travay ki rete pou fèt toujou, dapre otorite Depatman Deta yo nan Washington.

Sou-Sekretè Deta ameriken Thomas Shannon ak Vis-Minis afè etranjè Larisi a, Sergei Ryabkov, te rankontre pou pale sou plizyè dosye moun konsidere ki trè di ant 2 peyi yo, an menmtan tou yo te abòde dosye 2 bitasyon Larisi yo Ozetazini ki fèmen.

Barack Obama ki te prezidan nan epòk la te pase lòd pou poze sele sou bitasyon sa yo nan mwa desanm 2016 pase a, apre sèvis ransèyman Etazini te konkli ke Moskou te chache enfliyanse eleksyon prezidansyèl la nan peyi a.

XS
SM
MD
LG